Accessibility links

Breaking News

Duèl nan Chanpyona du Mond Klub yo


Koup du Mond Foutbòl Klub yo

Klub Arjanten Estudiantes ap rankontre jodi a klub Sud Koreyen Pohang Steelers nan semi final koup du mond Klub yo kap dewoule nan Abu Dhabi an Emirat Arab Uni yo. Lòt semi final la ap mete fas a fas klub Meksiken Atlante fas ak klub espayòl Barselòn demen Mèkredi a.

Foutbòl/ Eritree

Yon responsab wo plase foutbòl Afriken fè konnen sanble 12 jwè seleksyon nasyonal Eritre a ap chache refuj apre yo finn patisipe nan tounwa foutòl O Kenya. Responsab Asosasyon Foutbòl Konsèy Afrik Santral ak Afrik de Lès la Nicholas Musonye di tout foutbolè yo fonn tankou bè nan Nairobi apre yo elimine nan kar de final tounwa Koup CECAFA. Gouvènman rejte pawòl kap pale kòm kwa foutbolè yo sove kite seleksyon an.

Foutbòl/ Ameriken

San Francisco 49ers suprann Arizona Cardinals ak yon viktwa 24 a 9 nan kad match foutbòl zèpòl kare ki jwe chak Lendi swa pandan sezon an. San Francisco gen yon palmarès 6 viktwa 7 defèt pandan ke Arizona Cardinals gen yon palmarès 8 viktwa 5 defèt.

Baskètbòl

Boston Celtics te fè anpil efò avan li kale Memphis Grizzlies 110 a 105 pou mete kantite viktwa a 11 afile. Paul Pierce make 19 pwen pandan ke Ray Allen ak Rajon Rondo make 18 pwen yo chak.

Nan lòt rankont Denver Nuggets tronse Oklahoma City Thunder 102 a 93 gras ak 31 pwen Carmelo Anthony make. Dallas Marvericks te fè tout sa li kapab pou l kale New Orleans Hornets 94 a 90 apre li tap men-nen ak 21 pwen. Orlando Majik kale Indiana Pacers 106 a 98. Minnesota Timberwolves ranpòte yon viktwa de justès devan Utah Jazz 110 a 108. Washington Wizards tonbe devan Los Anjeles Clippers 97 a 95 epi Philadelphia 76ers wouze Golden State Warriors 117 a 101.

Baskètbòl Inivèsitè

Univèsite Kansas klase kòm numewo 1 dapre sondaj hebdomadè Associated Press fè. Kansas ranpòte 9 viktwa e subi 0 defèt.

XS
SM
MD
LG