Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ayisyen an Entèdi Itilizasyon Materyèl Leta Nan Kanpay Elektoral la


Premye Minis ayisyen an, Jn-Max Bellerive, pase lòd pou anplwaye gouvènman an pa itilize materyèl leta pou mennen kanpay elektoral. Kanpay pou lejislativ 2010 yo poko lanse ofisyèlman, men deja gen sektè ki chofe nan mennen aktivite, tankou kole foto nan lari, pou atire atansyon votan yo. Korespondan nou Clarens Renois gen detay depi Pòtoprens.

Toujou sou dosye eleksyon Ayiti yo, OEA (Oganizasyon Eta Ameriken) deside voye plizyè dizèn obsèvatè al suiv dewoulman vòt la. Reprezantan Pèmanan Ayiti nan gwoup rejyonal la, Anbasadè Duly Brutus, salye desizyon OEA a ki vini, dapre sa li di Lavwadlamerik, apre yon demand gouvènman ayisyen an.

Epi angajman anpil manm Chanm Depite a nan jèfò pou yo jwenn re-eleksyon pa anpeche divès komisyon Palman an ap travay sou apwobasyon ak ratifikasyon dokiman enpòtan tankou pwojè-lwa, akò ak konvansyon, dapre yon manm Chanm Bas la ki te reponn kesyon Jn-Pierre Leroy.


XS
SM
MD
LG