Accessibility links

Breaking News

Cristiano Ronaldo, Foutbolè pi Rapid sou Planèt la


Foutbòl/ Ronaldo

Yon nouvo rekò pou atakan pòtugè Christiano Ronaldo kap jwe ann Espay nan Real madrid. Selon yon etud ebdomadè Die Spiegel fè , Ronaldo se foutbolè ki pi rapid sou planèt-la ak yon vitès 33,6 kilomèt a lè. Arjanten Robben klase 2 zièm ak 32,9 kilomèt a lè e Theo Walcott 3 zièm (32,7 km/h).

Cristiano Ronaldo twouve-l pami 5 foutbolè ki kapab resevwa pri meyè jwè FIFA pou ane a. Nan yon lòt nouvèl foutbolè Brezilyen Ronaldhino seleksyone kòm pi meyè foutbolè pandan 10 dènye ane yo.

Ukraine/ UEFA 2012

Unyon foutbòl Eropeyen an fè konnen 4 vil Ukreyen pral akeyi Koup Unyon Foutbòl Eropeyen an an 2012 ak final la ap dewoule nan vil Kyèv. Responsab yo te menase pou retire konpetisyon nan men Ukrèn men chanje pozisyon yo apre gouvènman bay garanti konstruksyon yo ap fini avan debu konpetisyon an. La Polòy kap òganize koup Unyon foutbòl Eropeyen ansanm ak Ukrèn gen 4 vil ki seleksyone.

Foutbòl/ Espay

Anpil sansasyon ann Espay nan okazyon 14e jounen Liga-a . Dabò genyen yon duel ant 2 vwazen: FC Barselòn lidè konpetisyon-an ap rankontre Espayòl Barselòn ki an difikulte e ki tou pre zòn desann an 2e divizyon-an . Barsa ap jwe san Messi Pandansetan rival Barselòn-nan, Real madrid ap fè yon vwayaj periyeux lakay Valans ki an 3e e Real pral jwe san Kaka, san Christiano Ronaldo …e petèt san Guti.

Baskètbòl

Boston Celtics ranpòte yon viktwa de justès devan Washington Wizards 104 a 102 yè swa. Ray Allen make 18 pwen pou fè l tounen 32 zièm jwè NBA a ki make 20 mil pwen pandan karyè yo. Nan lòt rankont Detroit Pistons suprann Denver Nuggets 101 a 99 gras ak Charlie Villanueva ki make 26 pwen. Utah Jazz danse sou Orlando Majik 120 a 111.

Je Azi de Lès

Kourè chinwa Liu Xiang kontinye ap reprann fòm-li apre li ranpòte meday dò nan kous 110 mèt Hè nan Je Azi de Lès yo kap dewoule nan Hong Kong.

Atletisme/ Kiba

Chanpyon Olenpik Kuben Dayron Robles anonse lap patisipe nan kous an sal 6 Fevriye-a nan vil Stuttgart an Almay. Konpetisyon sa a se yon chofe jarèt avan chanpyona du mond an sal ki gen pou dewoule nan Doha Katar an Mas 2010. Robles, atlèt Kiben an se aktyèl detantè rekò du mond 110 mèt Hè a.

Tennis/ Safina

Ansyen numewo 1 tenis mondyal feminen Rus Dinara Safina pap patisipe nan tounwa tenis feminen entènasyonal Brisbane nan an Ostrali akoz yon doulè nan do. Nouvèl-yo fè konnen gen posibilite pou Safina pa patisipe nan tounwa tenis Open Ostrali a ki se ap premye tounwa tenis Gran Shelem pou ane 2010 la.

XS
SM
MD
LG