Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama Aksepte "Ak Anpil Gratitid E Ak Anpil Imilite" Pri Nobel Lapè a


President Barack Obama resevwa "avèk anpil gratitid e ak anpil imilite" Pri Nobel Lapè a jedi 10 desanm nan nan vil Oslo, peyi Nòvèj. Nan diskou li delivre nan okazyon an, li rekonèt ke l pa reyalize anpil bagay pou distenksyon chaje prestij sa a e ke genyen lòt kandida ki merite pri a plis pase l.

Misye Obama aksepte pri a 10 jou apre li deside voye 30 mil nouvo sòlda al kore twoup ameriken e alye yo nan Afghanistan. Men lidè ameriken defann ak konviksyon lagè kont teworism nan e li di pafwa li nesesè pou fè lagè: "tankou tout chèf deta, se dwa m' pou'm aji yon fason inilateral si sa nesesè pou m defann nasyon mwen", men li ajoute, li aksepte pri a "ak anpil gratitid a ak anpil imilite".

"Mwen pa ka rete bra kwaze devan menas kap peze sou pèp ameriken an. Paske nou pa dwe pete tèt nou: le mal egzis nan mond sa a" . Non-vyolans pat ase pou bloke lame Hitler yo ni konvenk Al-Qaida depoze lèzam. Kidonk, wi: zouti lagè gen yon wòl pou jwe nan pwoteje lapè". Deklarasyon prezidan Barack Obama.

Desizyon Komite Nobel la pou l anonse 9 oktòb 2009 la prezidan Barack Obama kòm loreya Pri Nobel Lapè a, soulve anpil pawòl anpil. 2 ameriken sou 3 estime misye Obama pa merite distenksyon an, dapre yon sondaj ki parèt semèn sa a. Plizyè òganizasyon lanse modòd manifestasyon pou denonse ranfòsman twoup yo nan Afghanistan.

"Nou estime misye Obama resevwa pri a twò bonè, kounye ke li nan ponyèt li, li dwe montre ke li merite li", deklarasyon Benjamin Endré Larsen, lidè òganizasyon Fredsinitiativet, ki te konvoke yon defile tou pre Institi Nobel la nan Nòvèj. Toupre Enstiti a, genyen yon gwo bandwòl kote moun ka li " Obama, ou genyen pri a, kounye a chèche merite li".

Prezidan Barack Obama, se premye prezidan ameriken nan 90 zan ki resevwa Pri Nobel Lapè a pandan li sou pouvwa e 3zyèm ki ranpòte l. Kounye a, foto lidè ameriken an, prezidan Barack Hussein Obama, pral twone pami foto lòt loreya pri sa a--pami yo: Nelson Mandela, Mè Teresa ak Rev. Marthin Luther King, jr. Apa meday ak diplòm ki mache ak Pri Nobel Lapè a, prezidan Obama resevwa apeprè 1 milyon "Euros".

Sous pou nouvèl sa a: voanews.com/english, AP, AFP

Redaksyon: jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG