Accessibility links

Breaking News

Prezidan Depoze Manuel Zelaya ap Pran Egzil O Meksik


Otorite yo ak gouvènman pwovizwa ondiryen an konfime nouvèl ki fè konnen yap pèmèt prezidan depoze Manuel Zelaya kite peyi a apre 3 mwa azil nan anbasad Brezil la nan Tegucigalpa, kapital Honduras.

Mesye Zelaya ap chèche yon mwayen ki pa danjere pou l kite anbasad la e vwayaje al nan yon lòt peyi san gouvènman enterimè a pa arete l pou akizasyon dèske li ta mele nan koripsyon.

Gouvènman meksiken an deja voye yon avyon nan kapital la ondiryen an pou pran mesye Zelaya e mennen l o Meksik. Sepandan, prezidan dechi a di li vle pou tout moun konnen menm si lap kite peyi a, se li ki prezidan legalman eli Honduras. Mesye Zela presize tou "li pap chèche azil politik nan oken peyi".

Nan dat 28 jen ane sa a, lame ondiryen an te arete mesye Zelaya e voye l ann egzil. Gouvènman de facto ki ranplase li a di, yo te wete prezidan an sou pouvwa a poutèt li tap chèche ilegalman chanje konstitusyon peyi a pou l te ka rete sou pouvwa a pi lontan ke tan manman lwa peyi a pèmèt.

Politisyen konsèvatè Porfirio Lobo, ki gen ti non "Pepe", sòt ranpòte eleksyon prezidansyèl fen novanm lan nan Honduras. Mesye Zelaya di eleksyon an pa lejitim e plizyè peyi di yo pa rekonèt rezilta vòt la.

Nouvo eli a, mesye Porfirio, bò kote pa l, pran angajman pou l travay pou wete Honduras nan izòlman li twouve l sou sèn entènasyonal la depi kou deta militè 28 jen 2009 la.

jbeliz@voanews.com

XS
SM
MD
LG