Accessibility links

Breaking News

Minis Defans Ameriken an, Robert Gates, Rankontre Kòmandan Militè l'OTAN yo nan Afganistan


Minis defans Lèzetazini an, Robert Gates, rann kòmandan militè ameriken ki sou plas nan Afganistan yo yon vizit kote li ba yo garanti ranfò militè prezidan Barck Obama anonse semèn pase a, pral ba yo tout sa yo bezwen pou yo ranpòte lavikwa sou Taliban yo. Misye Gates fè yon visit-enspeksyon jodi mèkredi a nan yon nouvo katye-jeneral ki fèk bati nan Kaboul e kap sèvi kont sant-de-kòmand pou tout fòs konba l'OTAN yo. Chèf Pantagòn nan di kòmandan yo fòs entènasyonal yo pral resevwa tout sa yap bezwen pou yo ranpòte siksè nan lit kont ektremis vyolan ki nan Afganistan yo.

Sou menm dosyea toujou: Yè madi a kòmandan twoup ameriken ak fòs l'OTAN ki nan Afganistan yo, jeneral Stanley McChrystal, deklare estrateji tou nèf Prezidan Obama anonse pou Afganistan, se yon estrateji ki kapab mache e 18 mwa ki pral vini la yo se yon peryòd kap desizif nan lagè a. Jeneral McChristal tap fè depozisyon n devan Komisyon Afè Militè Chanm dè Reprezantan an kote li di --nap site

<<…..Ranfò militè a pral kòmanse rive anvan lontan. Vè lè konsa ane pwochèn, nap genyen bon jan prèv kap montre sitiyasyon sekirite a amelyore e nou va kapab konnen trè byen si militan yo pèdi fòs. Vè fen sezon ete 2011, pèp afgan an genyen pou l wè militan rebèl yo pap ka ranpòte lagè a e sitwayen yo pral ranje kò yo bò kote gouvènman an... >>

Bò kote jeneral McChristal, pandan seyans depozisyon an, te genyen anbasadè ameriken an nan Afganistan, Karl Eikenberry, ki fè kongrè a konnen, antrwòt, li apiye san pousan desizyon Prezidan Barack Obama pran pou l voye 30 mil sòlda an plis nan Afganistan.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG