Accessibility links

Breaking News

Kreyòl-Pale: Kayimit, Kenèp, Monben, Siwèl


Peyi Karayib ak peyi Amerik Latin yo rich anpil ak fwi e pifò fwi nou jwenn nan youn nou ka jwenn li nan yon lòt. Sa m' di a valab pou Ayiti. Sèl bagay non yo kapab diferan.

Nou ta di se sèl nan ka sa a kreyòl la pale, men li ka pa konprann. Pa ekzanp, mwen pa kwè genyen anpil ayisyen kap konnen ki fwi ya'p pale li nan Trinidad ak Tobago, si yo voye'l al chèche Chenette, ou Guinep nan Jamayik. Se tap menmman parèyman, nan zile Martinique, kote yo rele fwi a, Quenette. Men nan Porto Rico, ayisyen an kapab devine ki fwi ya'p pale li, paske ya'p mande li al achte Quenepa.

Quenepa, Chenette, Guinep, se kenèp nou genyen ann Ayiti a, yon fwi timoun renmen manje anpil nan epòk vakans. Sepandan kenèp nan lòt peyi Amerik Latin nan se mamoncillo.

Poutan, nan Repiblik Dominikèn ki pataje menm zile ak Ayiti e ki pale panyòl menm jan ak lòt peyi Amerik Latin yo, yo rele li: limoncillo.

Limoncillo vle di: sitwon espayòl. San doute li dwe te fè conquistadores espayòl sonje sitwon lè yo te rive sou zile nou an. E, nan anpil ka vre, kenèp si anpil--tèlman si, ke'l kapab sezi dan ou, fè dan ou sirèt. Mwen pa di "bouch sirèt", ki vle di yon bagay toutafè diferan.

Yon lòt fwi ki popilè anpil ann Ayiti e ke yo asosye souvan ak yon bèl nègès bèl po, se kayimit. Non syantifik li se "Chrysophillum Cainito/Caimito". Se petèt dènye pati non sa a ki fè nou rele li ann Ayiti kayimit. Men, pa sezi si nou tande nan zile frankofòn yo moun rele li: Pomme de lait ou ankò pomme étoile (star apple).

Nou gen ankò militon, nan peyi Dayiti. Sèl bagay, mwen pa konseye nou al mande nan Martinique ak Guadeloupe ki kote nou ka jwenn militon achte, paske yo ka pa konprann nou. Non li nan zile sa yo, se christophine. E zòt ki sòti Martinique, pa al Ayiti al mande nan okenn restoran pou «riz aux christophines » paske gen anpil chans pou yo pa konprann ou, e yo ka menm ri ou.

Nou genyen ankò kachiman kanèl---yon bon ti fwi ! Men nan zile mwen tap pale la yo, li rele Pomme Canelle.

Pou moun ki renmen pwa kongo yo (se sezon an kounye a) nan Martinique li rele Pois d'Angola. Joumou ki rele potiron ou giraumont an franse, se potiron nan zile Guadeloupe ak Martinique. La ba a, yo di la soupe au potiron, pou soup joumou nou an.

Anfen, nou jwenn monben. Eske nou konn manche monbin ? lè m te timoun, paran 'm pat vle m' manje moben, paske yo te di monben bay lafyèv. Enben monbin, (spondia, mombin) se prunes d'Espagne, en franse.

Nou pa dwe bliye non plis sapoti (en franse, sapotille) e ann espayòl sapotilla. Lakay, lè yo wè w'ap manje yon manje avèk plezi, konprann avèk apeti (yon manje ki gou) yo di: manje a gou nan bouch misye tankou sapoti nan bouch blan !

E pou fini, nou ka pale de siwèl (loquat an franse). Men ann Ayiti, siwèl pa genyen bon repitasyon ; tout bagay ki pa bon se yon bagay siwèl. Pa ekzanp, yon djazz kap voye vye mizik moute, se tou senpleman yon dyaz siwèl, kap jwe mizik pou 2 gouden sou twotwa lari lavi l' la (ou nan nenpòt ki vye "nayklub" raz).

Se te Kreỳol-Pale, Kreyòl-konprann, yon segman Lavwadlamerik avèk Jacques Jean-Baptiste ki envite'n ekri li nan adrès sa a jbjacque@voanews.com pou kritik ak sijesyon.

XS
SM
MD
LG