Direksyon Polis Nasyonal Dayiti (PNH) di li kòmanse aplike yon plan sekirite pou anpeche zak banditis nan peryòd fèt fen dane yo. Pòtpawol PNH la, Frantz Lerebourg, ki tap reyaji sou lanmò jounalis italyen, Franceso Fantoli, bandi ak zam touye nan Pòtoprens nan fen semèn pase a di Lavwadlamerik lapolis sou yon bon pis ki kapab pèmèt li arete bandi yo.
Komisè a di : “ Lanmò jounalis la se yon bagay ki tris anpil sitou nan moman peyi Dayiti ap fè efò pou l’ amelyore imaj li sou echèl entènasyonal la.” Pòtpawol PNH la ajoute “Lè se yon etranje ki viktim sa mande pou lapolis fè plis efò pou ankèt li bay bon rezilta.”
Plan Polis Nasyonal la sible sitou anvironman bank yo, mezon tranfè yo ak zòn kote ki gen gwo magazen yo. PNH di li pare pou l’ ede tout enstitisyon ki ta bezwen èd li.
Alapwòch fèt fen dane yo, bilan zak kriminèl yo kòmanse timidman nan kapital la avèk 3 mò nan lespas 4 jou.