Accessibility links

Breaking News

Etazini:Ayisyen Ilegal-Refòm Lwa Imigrasyon Etazini-TPS


Imigran ilegal se yon gwo pwoblèm pou anpil peyi e pou peyi Etazini tou ki genyen plis pase 12 milyon moun ki sòti toupatou nan lemond--- ayisyen ladan yo--- kap viv nan yon sitiasyon ilegal depi dèzane. Rezoud pwoblèm imigrasyon ilegal la pa fasil e nan pwen youn nan solisyon politisyen yo pwopoze ki fè linanimite. Sèten mande regiliarize sitiasyon ilegal yo epi fèmen fwontyè.

Gen zòt ki pwopoze pou voye imigran tounen nan peyi yo epi apre pou yo re-aplike pou yo re-rantre legalman Ozetazini e yo ta dwe tann yon sèten kantite ane anvan pou yo re-aplike. Yon lòt solisyon, se regilarize sitiasyon ilegal ki genyen bon dosye, ki te peye leta taks menm lè yo pa legal e ki pa janm komèt krim nan peyi a.

Tankou nou kapab wè li genyen divès pwopozisyon, men ka Ronald César ap abòde ak avoka Phlippe Brutus la konsène plis stati pwoteksyon tanporè plizyè gwoup dwazimen, militan, òm ak fanm politik ayisyen e ameriken ap reklame pou ayisyen kap viv nan sitiasyon ilegal sou tèritwa ameriken an.

Kijan yon refòm global Lwa Imigrasyon Etazini kapab afekte ayisyen sa yo, se sa César pral wè ak envite li, mèt Philippe Brutus nan Jistis USA semèn sa a.

jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG