Accessibility links

Breaking News

Konsèy Elektoral Ayisyen an Reyaji Sou Kritik Pati Politik yo


Konsèy Elektoral Pwovizwa ayisyen an (KEP) renouvle angajman li pran pou l’ òganize eleksyon kredib e demokratik nan mwa fevriye ak mas 2010. Prezidan KEP a, Gaillot Dorsinvil, ki reyaji sou divès kritik pati politik yo lanse sou KEP a, di Lavwadlamerik gen 32 pati ki te patisipe nan tiraj o sò jounen 5 desanm nan, kote enstitisyon elektoral la te bay nimewo ki pral idantifye fòmasyon politik yo nan eleksyon yo.

Msye Dorsinvil fè konnen absans yon platfòm politik pap mete an dout kredibilite eleksyon 2010 yo. Li presize ke “processus” elektoral ap kontinye, e KEP a ap pare l’ pou li pibliye lis kandida ki kalifye pou patisipe nan eleksyon yo, anvan semèn sa a bout. Gaillot Dorsinvil envite pati yo nan dyalòg pou reyisit eleksyon yo.

Prezidan KEP a te pale ak Jn-Pierre Leroy lendi apremidi a apre pòt-pawòl youn nan gwoup ki reklame ranvwa KEP a, Evans Paul, te kalifye tiraj o sò samdi 5 desanm nan kòm yon bòlèt chaje ak magouy. Li di regwoupman tankou PLAPH ak ALTENATIV, ak lòt pati ankò, papral nan eleksyon ak Konsèy Elektoral sa a ki, dapre yo, pèdi tout kredibilite. Evans Paul, nan non platfòm ni an, te mande kominote entènasyonal la pou li soutni sèlman eleksyon ki onèt e demokratik ann Ayiti.


XS
SM
MD
LG