Nan Bolivi, Evo Morales ranpòte yon gwo kokenn viktwa nan eleksyon prezidansyèl ki dimanch 6 desanm nan. Rezilta ki poko ofisyèl montre misye Morales ranpòte omwen 63 pousan vòt yo, swa plis ke 35 pousan anplis rival ki pi pwòch li a, ansyen gouvènè Manfred Reyes.
Evo Morales te eli pou la premye fwa an 2005 kote li te tounen premye prezidan endijèn ki monte sou pouvwa a nan Bolivi. Analis politik yo di viktwa sa a vle di prezidan Morales pral kontinye ak refòm gochis li yo kap chache yon pi gwo kontwòl gouvènman an sou ekonomi peyi a. Li pral pousuiv tou yon seri de pwogram sosyal ki an favè pòv yo. Pandan venkè eleksyon an l tap pale sou balkon palè prezidansyèl la dimanch swa, li di se pwosesis chanjman an nan Bolivi ki ranpòte laviktwa.
Vòt dimanch 6 novanm nan dewoule apre ratifikasyon yon amandman konstitisyonèl ki te bay Prezidan Morales dwa pou li ale dèyè yon lòt manda. Elektè bolivyen yo vote tou pou yo chwazi manm yon nouvo palman. Sondaj yo montre MAS (Movimiento al Socialismo oubyen Mouvman kap mennen nan Sosyalism nan) ki se pati ki sou pouvwa a, pran devan tout lòt pati yo nèt. Sou premye manda Evo Moralez la, lidè gochis e anti-ameriken an te nasyonalize prensipal sektè nan ekonomi bolivyèn nan, pami yo sektè min ak enèji a.
jbeliz@voanews.com