Pati Politik ki kalifye pou ale nan eleksyon lejislatif e senatoryal ki fikse pou fevriye 2010 la resevwa nimewo yo dwe enskri sou bilten kandida ya'p voye nan konpetisyon elektoral la. Se apre yon 2zyèm tiraj-o-sò KEP a finalman bay yo nimewo a. Tankou korespondan nou Rotchild Françis jr. di li nan repòtaj nou pral koute a, pwosesis la pat dewoule san pawòl-anpil.
Ale sou ralonj ki anwo e adwat paj la pou devlopman pwen sa a.
Sou men lyen an nou ka koute tou yon intèviou Ronald César, direktè Sèvis Kreyòl la, reyalize ak Claude Pierre-Louis, direktè jeneral Sogebank e vis-prezidan Fondasyon Sogebank. Sogebank se yon enstitisyon ayisyen kap travay ansanm ak USAID (Ajans Ameriken Pou devlopman Entènasyonal la) sou pwogram finansman plan envestisman pou antreprenè ayisyen nan diaspora a kap chèche louvri yon biznis nan peyi Dayiti.
Misye Pierre-Louis ap eksplike mekanism plan HAITIAN DIASPORA MARKET PLACE la e kouman yon moun kapab patisipe ladan.
Jbjacque@voanews.com