Accessibility links

Breaking News

Pi Gwo Bato Kwazyè Nan Lemond la Jete Lank Nan Nò Ayiti


Sit touristik Labadie, nan nò Ayiti, resevwa pou la premyè fwa pi gwo bato kwazyè nan lemond la, an palan de “Oasis of the Seas,” ki fè pati liy kwazyè Royal Caribbean International Cruise Line. Bato sa a peze 225 mil 282 tòn, li genyen 16 etaj, e li kapab tanspòte 5 mil 400 touris.

Inogirasyon jedi 3 desanm 2009 la se rezilta efò gouvènman ayisyen an ak konpayi kwazyè Royal Caribbean. Premye-Minis Jn-Max Bellerive te fè deplasman ale nan inogirasyon sa a. Nan yon ti koze ak Lavwadlamerik, Msye Bellerive deklare "imaj vizitè yo wè jodi a se yon bèl imaj e yap pote ale yon bon souvni." Premye-Minis la souliyen enpòtans kolaborasyon divès sektè ann Ayiti pou sa te ka posib.

Ronald César te pale ak Premye-Minis Jn-Max Bellerive pandan jounen an. Ou kapab koute yon pati nan deklarasyon Chèf Gouvènman ayisyen an fè nan mikwo Chèf Sèvis Kreyòl Vwadlamerik la si ou fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj Web sa a.

XS
SM
MD
LG