Accessibility links

Breaking News

FIFA Louvri yon Ankèt Foutbòl Franse Thierry Henry


FIFA/Thierry Henry

FIFA louvri yon ankèt displinè kont foutbolè franse Thierry Henry pou tèt li te touché balon ki pral make gòl kont Irland nan okazyon yon match de baraj.Yon defèt Irlandè yo poko kapab dijere.

FIFA/ Tèt de Seri

Tiraj o-sò mondyal 2010 la an Afrik du Sud ap dewoule vandredi 4 Desanm kap vini la-a nan Cape Town avèk 32 ekip ki pral patisipe nan faz final pi gwo fèt foutbòl sou latè. FIFA komunike konpozisyon 4 chapo kap sèvi pou tiraj-o-sò. Nan premye chapo-a, chapo tèt de seri-yo , nou jwen : Brésil, Espagne, Italie, Allemagne, Argentine, Angleterre, Pays-Bas ak Afrique du Sud.

Ki donk, La Frans pa tèt de seri. Vis-chanpyon nan dènye mondyal-la , Lafrans pap pwoteje nan tiraj-o-sò. La Frans ki jwennn kalifikasyonn anba redi , gen moun ki ta di enjusteman , twouve-l nan chapo 4-la ak peyi ewopeyen ki pa tèt de seri-yo. Komité òganizatè mondyal 2010-la ki gen nan tèt-li prezidan konfederasyon afrikèn-nan Issa Hayatou te chwazi klasman FIFA-a kòm baz , men yo pat vle pran klasman novanm 2009-la paske li ta pral ede peyi ki pase nan baraj-yo. Ann oktòb , Lafrans te klase 9 vièm.

Sekretè jeneral FIFA-a Jérôme Valcke di se pa yon sanksyon kont Lafrans e yo pat tenu kont zafè men Tierry Henri-a. Donk zyeu fanatik boul-yo santre nan Cape Town pou evenman sa-a. Nan lòt po a peyi yo ap plase an pozisyon jerografik.

Pou numewo 2 a gen peyi Azyatik yo, Ostrali, Japon, Kore du Sud ak Kore du Nò, reprezantan KONKAKAF yo-Etazini, Meksik, Onduras ak reprezantan Oseyani an Nouvèl Zeland.

Po 3 a gen ladann peyi Afriken yo, Aljeri, Kameroun, Kot Divwar, Ghana ak Nijerya. Nou jwen tou rès peyi Amerik du Sud yo-Chili, Paragwe ak Urugwe. Pot 4 la gen rès peyi Eropeyen yo tankou Danmak, la Frans, Grès, Pòtugal, Sèbi, Slovaki, Sloveni ak la Swis.

Faz final mondyal 2010 la ap kòmanse le 11 jen pou-l fini 11 juyè 2010. Yon mwa bon bouyon boul.

FIFA anonse lap louvri biwo pou vann tikè nan tout vil ki pral akeyi match koup du mond yo yon fason pou ankouraje fanatik lokal yo achte plis tikè. Sekretè Jeneral òganizasyon an Jerome Valcke fè konnen FIFA ap depanse 4 milyon 100 mil dola pou ankouraje fanatik yo achte tikè pi bonè. FIFA di desizyon an baze sou eksperyans yo fè pandan koup Konfederasyon an lè òganizatè yo te oblije bay tikè gratis pou atire plis moun asiste rankont yo.

FIFA/ Klismann

Ansyen foutbolè Alman Juergen Klismann fè konnen lap mete nan fen karyè l kòm antrenè nan lig foutbòl alman an. Msye di li pral travay kòm kòmantatè ak analis televizyon pandan dewoulman koup du mond Afrik du Sud la. Malgre anons la Klisman di li kite yon pòt louvri pou yon djòb antrenè apre koup du mond la.

Foutbòl/ Los Angeles

Konsèy Munisipal Los Anjeles la vote pou soumèt vil la kòm kandida pou akeyi match koup du mond 2018 ou 2022 si Etazini ranpòte dwa pou l akeyi konpetisyon an. Lòt peyi ki nan kous la se Ostrali, Angletè, Endonezi, Japon, Oland/ Beljik, la Rusi, Espay/ Pòtugal ki aplike pou 2 konpetisyon yo. Kore du Sud ak Katar aplike pou akeyi koup du mond 2022 a.

Baskètbòl/ NBA

Yè swa nan NBA-a , Andrew Bynum make 21 pwen nan viktwa Los Angeles Lakers New Orleans Hornets 110-99 . Kobe Bryant make 18 pwen. Nan New York, Danilo Gallinari make 27 pwen e fè 10 rebon pou ede Knicks ranpòte yon viktwa 126-99 sou Phoenix Suns. Nou pral nan Charlotte kote Ray Allen make 27 points pou kondui Boston Celtics nan yon nouvèl viktwa sou Bobcats 108-90. Nan lòt match pou sware-a , ekip nou-an Washington Wizards mete do Toronto Raptors atè : 106-102. Denver Nuggets fè yon katon sou Golden State Warriors 135-107 . Viktwa tou pou Miami Heat sou Portland Trail Blazers 107-100.

Baskètbòl/ Allan

Basketè ameriken Allan Iverson pap pran retrèt li ankò apre anons Philadephia 76ers fè Mèkredi 2 Desanm nan pou achete sèvis ansyen vedèt ekip la pou rès sezon an. Iverson kapab resevwa 1 mil 300 mil dola pou rès sezon-yon kontra ki pa garanti.

TIGER WOODS

Numewo 1 gòlf mondyal-la , ameriken Tiger Woods ap fè aktualite , menn sou yon teren gòlf men akoz yon aksidan machinn nan Orlando aloske li tap kite lakay-li. Major Maj. Cindy Williams fèmen dosye Gòlfè-a la justis pap pousuiv-li penalman

msye ap senpman ap peye yon amand 164 dola.

XS
SM
MD
LG