Accessibility links

Breaking News

Plizyè Milyon Mizilman Debake Nan Medin Apre Pèlerinaj La Mèk la


Jodi a nan segman sou relijyon an, nap mennen w nan Arabi Sawoudit kote gwo pelerinaj Mizilman yo fe chak ane nan La Mèk la bout yè samdi a. Plizyè dizèn milye pèleren Mizilman patisipe nan divès rityèl, divès seremoni tradisyonèl relijyon an, pou mete fen nan Hajj la, kidonk pèlerinaj anyèl la.

Vandredi te gen lapidasyon Dyab la, kote yo t’ap kalonnen wòch sou yon senbòl Satan, andeyò vil sent La Mèk. Se youn nan pwen fò eksperyans sa-a. Yon foul pèleren te voye woch sou yon bann poto an beton, ki rele Jumrat, yon fason pou deklare, nan fen pèlerinaj la, ke yo renonse Satan ak tout zèv fè nwa li yo.

Nou te remake nan La Mèk ane sa a plis sekirite ke dabitid. Tank, kamyon blende, elikoptè, 2.000 kamera siveyans, dè e dè milye sòlda ak polisye, brèf yon kokenn dispozitif sekirite pou anpeche yon pwoblem kèlkonk pou fidèl yo, ki soti toupatou nan lemond, e pou gwo diyitè ki patisipe tou nan evènman an.

Sheikh Osman Khayat te delivre yon sèmon pou foul ki te rasanble nan Gran Moske La Mèk la, kote li te mande tèt-ansanm pami tout fidèl Islam, e li te denonse divizyon li di fòs malveyan pwovoke. Apre sa, Sheikh la te denonse anvayisè ak eleman ki enfiltre peyi a, ansotan nan peyi Yemen, ansanm ak fòs li di k’ ap soutni yo.

Pelerinaj La Mèk la bout avek selebrasyon Id-al-Adha, ou Festival Sakrifis la, samdi 28 novanm nan. Apre sa, nan jou dimanch 29 novanm nan, pèleren yo pran wout dezyèm vil sent Arabi Sawoudit la, Medin, selon tradisyon Pwofèt Mahomè kite dèyè.

Si ou ta renmen koute tout repòtaj la, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat, paj web la.

XS
SM
MD
LG