Sonday opinyon yo montre kandida konsèvatè opozisyon an, Porfirio Lobo (Pati Nasyonal) byen lwen devan rival li, Elvin Santos, kandida Pati Liberal ki sou pouvwa a.
Konsèvatè Porfirio Lobo (ke yo bay ti non "Pepe") pase kòm favori nan kous la devan Elvin Santos-reprezantan pati Liberal ki te dechouke prezidan Zelaya nan mwa jen an sou pouvwa a.
Mr. Zelaya, ki toujou nan anbasad Brezil la nan vil Tegucigalpa, kapital Honduras, ekzòte patizan li yo bòykote leleksyon an.
Lèzetazini, Costa Rica and Pérou byen akeyi vòt la. Men Brésil ak Argentine di "scrutin" an legalize koudeta.
Lame te kapote Mr. Zelaya apre li tap eseye mete sou pye yon "referendum" pou elimine yon entèdiksyon ki anpeche yon prezidan chèche yon nouvo manda. Rival ak moun kap kritike li yo akize l' deske li tap eseye chanje konstitisyon an pou l' ka rete sou pouvwa nèt. Yon akizasyon misye Zelaya demanti.
Elektè ondiryen yo ap vote pou eli yon nouvo lidè dimanch 29 novanm nan, senk mwa apre yon koudeta te jete prezidan Manuel Zelaya.
Konsèvatè Porfirio Lobo (ke yo bay ti non "Pepe") pase kòm favori nan kous la devan Elvin Santos-reprezantan pati Liberal ki te dechouke prezidan Zelaya nan mwa jen an sou pouvwa a.
Mr. Zelaya, ki toujou nan anbasad Brezil la nan vil Tegucigalpa, kapital Honduras, ekzòte patizan li yo bòykote leleksyon an.
Lèzetazini, Costa Rica and Pérou byen akeyi vòt la. Men Brésil ak Argentine di "scrutin" an legalize koudeta.
Lame te kapote Mr. Zelaya apre li tap eseye mete sou pye yon "referendum" pou elimine yon entèdiksyon ki anpeche yon prezidan chèche yon nouvo manda. Rival ak moun kap kritike li yo akize l' deske li tap eseye chanje konstitisyon an pou l' ka rete sou pouvwa nèt. Yon akizasyon misye Zelaya demanti.
Prensipal kandida nan eleksyon 29 novanm nan siyen yon angajman pou yo pa cheche yon dezyèm manda, yon fason pou respekte konstitisyon peyi a.