Accessibility links

Breaking News

2 Desanm 2009 Se Nouvo Delè Pou Kandida Enskri Pou Lejislativ 2010 Yo


Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayiti a (KEP) satisfè doleyans pati politik ki te mande l' nan yon chita-koze vandredi 27 novanm 2009 la lonje delè enskripsyon kandida yo paske yo estime tan an te twò kout.

Samdi, KEP a ba yo satisfaksyon e li pwolonje pou 2 desanm dat enskripsyon an.

Enstitisyon elektoral la anonse tou desizyon pou l' entèdi kandida Pati "Fusion" ak "UCCADE" nan eleksyon eleksyon pasyèl ki dwe dewoule nan rejyon Plato Santral la pou swadizan enplikasyon yo nan vyolans ki te make senatoryal pasyèl avril 2009 la.

Antretan, Nasyonzini eksprime kè sote li devan eksklizyon sèten pati politik nan kous elektoral la (tankou Fanmi Lavalas, pa ekzanp) e li swete Konsèy Elektoral la ta revizite desizyon li pran pou l' bay Pati sa yo kanè "remis à leurs parents"--move kanè.

NB: Fè yon klik sou ralonj ki anwo, adwat paj web la pou nou koute repòtaj Rotchild François jr. sou nouvo devlopman sa a.

jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG