Accessibility links

Breaking News

Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la (AEEA) Pare, yon Fwa Ankò, pou Li Pini Iran


Manm AEEA (Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la, yon biwo l’ONU ki okipe zafè enèji atomik), gen pou yo vote jodi vandredi 27 novanm 2009 la sou yon desizyon ki kritike Iran nan moman yo sispèk peyi sa a ap chache devlope zam atomik. Diplomat peyi Etazini, La Grand Bretay, Lalmay, Larisi ak Lachin entwodui yon pwojè-rezolisyon ki egzije pou Iran mete fen nan aktivite anrichisman iranyòm nan yon enstalasyon li te pase kèk tan ap opere an kachèt, epi pou Teheran konfime ofisyèlman li pa genyen okenn lòt enstalasyon konsa ki kache.

Sou menm kesyon an, yè jedi a deja dirèktè AEEA a, Mohammed El-Baradei, te di ankèt lap mennen sou pwogram nikleyè Iranyen an rive nan yon enpas akoz mank kowoperasyon Teheran. Pandan misye El-Baradei tap pale devan Komite Direktè ajans entènasyonal la nan vil Vyèn, li fè konnen kijan li fristre daprèzavwa Iran pa vle kowopere. Li ensiste, pa egzanp, sou mank volonte Iranyen yo pou yo aksepte yon akò ki ta ka pèmèt yo voye anrichi iranyòm aletranje.

Misye El-Baradei kritike Iran tou poutèt –jan nou di sa deja-- li te travay an kachèt pou l konstwi yon enstalasyon pou l anrichi iranyòm, yon aktivite ki te vin piblik nan mwa septanm pase a sèlman. Daprè chèf AEEA toujou, Iran te pase 2 zan ap konstwi enstalasyon sa a e li te gen plan pou l kòmanse operasyon anrichisman iranyòm an 2011. Misye El-Baradei deklare –nap site :

«Le fèt ke Iran te pran reta pou l devwale nouvo enstalasyon sa a vin redui konfyans nou. Kisa k pou di nou si pa genyen lòt enstalasyon menm jan lap konstrui, san li pa fè ajans la konnen anyen sou sa?»

Yon jou anvan misye El-Baradei te fè deklarasyon sa a, li te rejte yon demand Iran fè pou AEEA ta pote chanjman nan yon akò ajans la pwopoze l pou anrichisman iranyòm li a. Daprè lidè AEEA a, demand Teheran an pa akseptab.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG