Accessibility links

Breaking News

Yon Lut Sere nan Lig Chanpyon Eropeyen an


Foutbòl/ Eròp

Klub foutbòl Real Madrid, Milan AC ak Olenpik de Marseille nan yon lut sere/sere pou kalifye nan pwochen faz lig chanpyon Eropeyen an. Real Madrid rete nan tèt group la ak 10 pwen apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan FC Zurich. Milan AC fè match nul 1 a 1 ak Olenpik de Marseille pou l klase 2 zièm nan group la ak 8 pwen swa 1 pwen devan klub franse a. Juventus de Turen sou wout pou l elimine apre devan 2 a 0 yo subi devan Bordeaux nan group A a. Bordeaux déjà gen tikè l.

Besitkas suprann Manchester United ak yon viktwa 1 a 0.

Liverpool ki elimine nan Lig Chanpyon an dwe redouble efò pou l figure pami 4 premye Lig foutbòl Angle a. Liverpool ap tren-nen ak 13 pwen dèyè lidè chanpyona Angle a Chelsea.

Foutbòl / Afrik

Gouvènman Nijeryan an ap pare pou l non-men yon nouvo antrenè etranje malgre federasyon an kore antrenè Shuaibu Amodu nan tèt seleksyon an. Responsab yo di pwochen antrenè a kapab kòmanse obsève seleksyon an nan okazyon koup peyi Afriken yo kap dewoule nan Angola an Janvye 2010.

Foutbòl/ Ameriken

Nan okazyon jou daksyon de gras la pral gen 3 rankont foutbòl zèpòl kare. Green Bay Packers pral chache ogmante chans li pou faz final la si l kale Detroit Lions. Oakland Raiders ap rankontre Dallas Cowboys. New York Giants kont Denver Broncos.

Baskètbòl/ Etazini

New Jersey Nets kontinye ap penyen lage nan lig basketball ameriken an apre yo subi 15 zièm defèt yo. Nets kapab bat yon nouvo rekò si yo pèdu 3 pwochen rankont yo. Mèkredi Nets tonbe devan Portland Trail Blazers 93 a 83. Dallas Marvericks tronse Houston Rockets 130 a 99.

Baskètbòl/ Iverson

Vedèt basketball ameriken Allan Iverson anonse retrèt li nan NBA apre 13 zan karyè kote li pase pifò tann ap jwe nan Philadelphia 76ers. An Desanm 2006 Philadelphia 76ers te boukante Iverson ak Denver Nuggets answit an Novanm 2008 msye tap jwe nan Detroit Piston avan li pase nan Memphis Grizzlies sezon sa a kote li jwe sèlman 3 match.

Tennis/ ATP

Jwè tenis Swedwa Robin Soderling kalifye pou semi final tounea tenis Mondyal ATP apre li kale Sèb Novak Djokovic 7-6, 6-1 nan group B a. Espayòl Rafael Nadal pa kalifye pou semi final la apre defèt li subi devan Rus Nikolay Davydenko 6-1, 7-6. Davidenko kalifye pou semi final la.

CN-008 NBA IVERSON RETIRES

Vedèt basketball ameriken Allan Iverson anonse retrèt li nan NBA apre 13 zan karyè kote li pase pifò tann ap jwe nan Philadelphia 76ers. An Desanm 2006 Philadelphia 76ers te boukante Iverson ak Denver Nuggets answit an Novanm 2008 msye tap jwe nan Detroit Piston avan li pase nan Memphis Grizzlies sezon sa a kote li jwe sèlman 3 match.

XS
SM
MD
LG