Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Eleksyon: Konsèy Elektoral la Rejte Enskripsyon 16 Pati -Pami yo Fanmi Lavalas


Nouvèl ki sòti Ayiti fè konnen Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) rejte enskripsyon yon afè de 16 pati ou regwoupman politik ki te depoze pyès yo pou yo patisipe nan pwochen eksyon lejislatif yo nan kòmansman ane pwochèn nan. Pami pati kipran move kanè sa yo, genyen Fanmi Lavalas. Nan entèvyou nou te genyen lendi ak madi avèk reprezantan Pati Fanmi Lavalas ann Ayiti, Doktè Marise Narcisse, li te fè konnen li te depoze tout pyès ki nesesè pou pati a patisipe nòmalman nan elekyon yo; e li te fè sa anvan fen delè pwolonje KEP a te bay la. Korespondan nou Clarens Renois ki te ban nou nouvèl la an dirèk nan pwogram 7 tè 30 maten an, pat an mezi presize pou nou rezon otorite yo nan Konsèy Elektoral la bay pou yo jistifye desizyon yo kansènan Fanmi Lavalas, ki se pati ansyen Prezidan Jean Bertran Aristide kap viv nan peyi Afrik di Sid depi ane 2004. Daprè Clarens toujou, pami pati KEP a rejte yo, genyen PDCH, yon pati ki sanble te genyen divizyon nan mitan n. Se yon sitiyasyon Sèvis Kreyòl VOA ap swiv avèk anpil atansyon, e li va enfòme entènòt yo yon fwa li va genyen plis detay.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG