Accessibility links

Breaking News

Pati Politik Ayisyen  Yo Ap Fè Regwoupman Pou Ale Nan Eleksyon


Dirijan 3 pati politik ayisyen Fusion Sosyo-Demokrat yo, Oganizasion Pèp an Lit (OPL) ak Konfederasyon Inité Demokratik (KID) mete ansanm pou fòme yon koalisyon politik yo rele “ALTENATIV”.

Responsab youn nan pati ki fòme koalisyon an, Evans Paul, di Lavwalamerik ya p’ fè chita pale ak lòt fòmasyon politik pou yon “ALTENATIV” ki pi laj. Mesye Paul di : « 3 pati ki fòme regwoupman sa a ap voye tout kandida yo sou banyè ALTENATIV » Lidè a ankouraje pati yo fè koalisyon pou fasilite travay Konsèy Elektoral Pwovizwa a e bay pèp la plis fasilite nan chwa kandida yo. »

Nan menm lide koalisyon politik avan eleksyon 2010 yo, dirijan pati PLB, Konbit Sud-est, UNCRH, MOP, MIRN fòme yon nouvo regwoupman politik ki pote non UNITE. Konseye koalisyon sa a, Joseph Jasmin, di Lavwadlamerik UNITE ranplase platfòm LESPWA ki pa ekziste ankò.

2 platfòm sa yo, ALTENATIV ak UNITE, mande pati politik ki pat ko pran desizyon pou ale nan eleksyon vinn rejwen yo nan pwosesis demokratik la. Gen plis plase 60 pati politik ki enskri pou ale nan eleksyon. Konsèy Elektoral Pwoviza a fikse premye tou a pou 28 fevrye 2010.

Klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute nouvèl yo

jleroy@voanews.com

XS
SM
MD
LG