Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an Lanse Yon Nouvo Pwogram Sou Edikasyon


Prezidan Barack Obama lanse yon kanpay tou nèf nan domèn edikasyon an: li vle amelyore konpetans elèv ameriken yo nan syans ak matematik, nan 10 ane kap vini yo. Prezidan an souliyen patisipasyon sektè prive a nan pwojè sila a.

Msye Obama di premye angajman sektè prive ameriken an pran pou kanpay sa a depase 280-milyon dola e li atann ni aske kanpay la pran plis ekstansyon toujou. Msye Obama fè konnen sosyete komèsyal yo, inivèsite, òganizasyon ki pa la pou fè pwofi yo, asosyasyon pwofesyonèl, yo tout anbrase e reponn apèl li te lanse deja ane sa a pou sektè prive a ede gouvènman an ogmante konesans ti Ameriken yo nan syans ak matematik.
Fè klik sou ralonj anwo, adwat paj la pou w koute repòtaj la.

XS
SM
MD
LG