Accessibility links

Breaking News

Deba Ap Kontinye pami Manm Kongrè Ameriken an sou Estrateji Militè Lèzetazini nan Afganistan


Fòs entènasyonal Lèzetazini ap dirije nan Afganistan an fè konnen atak ki dewoule nan pati sid ak lès peyi a koze lanmò 4 sòlda ameriken. Daprè yon deklarasyon fòs l'ONTAN an fè parèt, yon bonm ki eksploze jodi lendi a nan pati lès Afganistan touye yon sòlda ameriken, tandiske yon lòt eskplozyon ki te fèt yè dimanch la nan pati sid la, te koze lanmò 2 lot militè. 4èm sòlda a tonbe anba bal militan, toujou nan zòn sid peyi a.

Pandansetan gwo deba ap fèt nan klas politik la o Zetazini sou avni misyon lame amerikèn ap dirije nan nasyon azyatik la --deba ki montre gen gwo divizyon nan sektè konsène yo, sitou nan mitan depite yo ak senatè yo. Alòske nouvèl yo fè konnen prezidan Barack Obama kapab anonse yon desizyon sou dosye a anvan lontan, Kongrè a ap mete presyon pou administrasyon an pou l montre ki kote li kanpe sou afè a. Lamar Alexander se yon senatè repibliken Eta Tennessee. Li pale nan pwogram Fox News Sunday yè dimanch la pou l di—nap site:

"Prezidan Obama ta dwe montre lap prese ak dosye sa a, e li ta fèt pou vini nan Kongrè a pou l di nou egzakteman sa li gen entansyon fè."

Sepandan Prezidan Obama pa vle yon strateji ki pa prevwa kijan Lèzetazuni pral sòti nan kriz la. Senatè Kit Bond –yon republiken Eta Missouri-- pa ezite kritike konpòtman sa a. Misye Bond fè konnen –nap site tou: "Si nou vini ak yon estrateji konsa, sa tap di sòlda yo gouvènman an pa fin sèten lap soutni misyon an; men tou sa tap di pèp afghan an Lèzetazini pa gen volonte pou l rete nan peyi yo a. Nou fèt pou n chache antre nan konfyans pèp afgan an."

Kesyon analis yo ap poze se kesyon ki mande eske Prezidan Obama ap aksepte pwopozisyon kòmandan fòs etranje yo nan Afganistan, Jeneral Stanley McChrystal, ki mande pou Lèzetazini voye plizye dizèn milye lòt sòlda nan peyi sa a? Pozisyon senatè Arlen Specter, yon Demokrat Eta Pennsilvani:

"Mwen pa kwe Lèzetazini dwe voye plis sòlda nan Afganistan, amwenske se yon bagay ki endispansab pou lagè kont al-Kayda a. Si se endispansab, nou fèt pou n fèt tout sa k nesesè, paske al-Kayda sòti pou elimine nou nèt. Si yo kapab òganize yo menm jan yo fè sa nan Yemèn, nan Somali, ak lòt kote, alòs, pouki pou n al batay nan Afganistan kote pèsonn etranje pa ranpòte laviktwa depi dè milye dane?"

Kesyon senatè Arlen Specter. Sondaj montre apui piblik ameriken an pou lagè a nan Afganistan pa sispann bese.

XS
SM
MD
LG