Accessibility links

Breaking News

Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik Sou Lasante Nan Pòtoprens


Plizyè jounalis ayisyen sot resevwa setifika pou yon fòmasyon 2 jounen sou lasante Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la te òganize soti 16 pou rive 17 novanm nan otèl Montana nan Pòtoprens.
Seminè sa a ki te òganize sou tèm « Lasante, Yon byen pou mounn pwoteje e konsève » pèmèt yon karantèn jounalis nan kapital la ak vil pwovens yo jwenn enfòmasyon sou viris H1N1(grip pòsin nan) ak grip avyè a (grip bèt volay yo).

Spesyalis Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS) ak Oganizasyon Panamerikèn Lasante (OPS) te pataje avek jounalis yo enfòmasyon sou 2 maladi sa yo ak mwayen prevansyon pou konbat yo. Pou spesyalis yo, mèyè fason pou yon moun pwoteje tèt li kont pandemi sa a (H1N1) se lave men l tout tant avèk savon ak dlo pwòp, evite, si posib, zòn ki pen anpil konsantrasyon mounn, pa pwoche twò pre mounn ki enfekte ak viris la, itilize mouchwa an papye, e jete yo apre itilizasyon.

Direktè Sèvis Kreyòl la, Ronald Cesar, ak responsab edisyon, Lyonel Desmarattes, te pami mounn ki anime seminè sa a . Yon seminè sou enpòtans kouvri nouvèl sou lasante e sou fason laprès kapab enfòme piblik la sou nouvo maladi yo rele maladi emèjan yo.

klike sou ralonj ki anlè e adwat paj wèb la pou koute yon kontrandi sou seminè sa a

XS
SM
MD
LG