Accessibility links

Breaking News

Nan Afganistan, Hamid Karzai Prete Sèman kòm Lidè Peyi a pou yon Lòt Manda 5 An


Nan Afganistan, Prezidan Hamid Karzai pran angajman pou l konbat koripsyon nan mitan gouvènman n nan nan moman lap kòmanse yon 2èm. manda 5 lane kòm lidè peyi a. Pandan seremoni ensvestiti a ki dewoule nan palè prezidansyèl la, misye Karzai pwomèt tou pou l ranfòse baz lame ak lapolis e konbat trafik dwòg.

« Prezidan Karzai di –nap site: Plan mwen se pou m fè yon travay serye nan domèn sa yo pandan 5 kan kap vini la yo. Anvan lontan mwen pral prezide yon konferans entènasyonal nan Kaboul kote nou pral fè deba sou fason pou n pi byen fè fas ak pwoblèm mwen site yo. An menm tan tou, mwen lanse apèl bay kominote entènasyonal la pou m mande l montre plis transparans nan fason lap depanse lajan li nan peyi Afganistan. »

Aprè yon seremoni envestiti kote sèvis sekirite a te trè-trè sere nan Kaboul, otorite yo fè konnen yon atakan-suisid fè yon machin pyeje eskploze nan vil-la. Bilan: 10 sivil moun tandiske 13 loèt blese. Yon lòt kote, eksplozyon yon bonm nan pwovens Zaboul koze lanmò 2 sòlda ameriken.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG