Inyon Ewopeyèn adopte menm pozisyon ak Etazini e l’deklare li poko pare pou l'rekonèt yon Eta palestinyen, apre lidè palestinyen yo fè konnen yo pral chèche pozisyon sa a devan Nasyonzini.
Nan deklarasyon Carl Bildt, ki se aktyèl responsab prezidans an rotasyon Inyon Ewopeyèn nan, fè devan jounalis yo nan vil Bruxelles, minis afè etranjè Suedwa a di moman an pa pwopis pou Inyon an rekonèt yon Eta palestinyen.
Msye Bildt di Inyon Ewopeyèn nan ap diskite sou mwayen pou kore pi plis aspirasyon palestinyen yo. E nan yon konferans pou laprès nan fen jounen an, responsab politik etranjè Blòk Ewopeyen an, Javier Solana, demontre yon gwo apui anfavè yon “posib Eta palestinyen”.
Msye Solana di, "Mwen pa panse ke li pa twò bonè pou genyen yon Eta Palestinyen. Depi dèzane, nou te swete wè yon Eta palestinyen. Kesyon an sè ke jiskaprezan tout negosyasyon yo echwe. Men, yon Eta palestinyen se yon bagay Inyon Ewopeyèn nan ap defann depi dèzane.
Lidè palestinyen yo deklare yo pral chèche rekonesans yo kòm Eta nan men konsèy Sekirite l’ONU an pou rejyon ki “ranmase Sisjòdani, Gaza ak Jerizalèm-Es. Men yo poko fikse yon dat pou deklarasyon sa a, e Lèzetazini deklare “tout Eta Palestinyen ta dwe rezilta negosyasyon ant Izrayelyen ak Palestinyen yo.
Pou w ka koute tout repòtaj la, ke Jacques Jn-Baptiste prepare, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj web la.