Accessibility links

Breaking News

Yon Somè Mondyal Nasyonzini Sou Alimantasyon  Nan Vil Rome


Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, plede an favè yon « vizyon global » pou soulaje soufrans 1 milya moun kap soufri nan lemond anba grangou, nan ouvèti Somè Mondyal Alimantasyon nan vil Rome jounen 16 novanm nan.

Misye Ban di: «Pri umen kriz alimantè a se yon bagay efreyan ». Plizyè milyon fanmi tonbe nan mizè ak grangou. Ane pase a, ensekirite alimantè te touche apeprè 30 peyi.Pa kapab genyen sekirite alimantè san sekirite klimatik.

Sekretè-jeneral L’ONU an ajoute: "kriz alimantè a se yon sonèt alarm pou demen. Apati 2010, planèt la an kapab genyen 9. 1 milya kretyen-vivan, swa 2 milya anplis ke popilasyon li genyen kounye a. Nan moman popilasyon mondyal la ap ogmante, klima planèt la ap chanje. Disi 2050, nou pral oblije pwodui 70 pousan plis manje alòske klima a ap vinn pi enprevizib e ap degrade pi plis."

Misye Ban di li nesesè pou yo jwenn yon akò mondyal nan Somè Kopenhag mwa pwochen an. Yon akò konsa, dapre misye Ban, dwe jete baz solid pou yon trete sou chanjman klima-a ki gen kontrent legal ladan.

Oganizasyon Mondyal Alimantasyon ak Agrikilti a (FAO) avanse kèk chif pou bay yon lide presi sou sitiasyon an. Direktè jeneral FAO, Jacques Diouf, fè konnen yon milya moun nan grangou; sa vle di youn moun sou 6 moun nan lemond… 105 milyon moun anplis ke ane pase ; 5 timoun ki mouri chak 30 seconde.

Malgre kè sote lidè yo eksprime nan somè a, anpil moun ap mande eske responsab yo vrèman pran pwoblèm nan oserye paske se sèl Silvio Berlusconi, premye minis Itali, pami lidè gwoup G8 la ( 8 pi gwo ekonomi ki genyen sou planèt la) ki te reponn prezan nan sal la. Peyi latino-ameriken e afriken yo te prezan an gran kantite ; pami yo prezidan Zimbabwe a, Robert Mugabe ak lidè Libi a, Mouammar Kaddafi. Prezidan brezilyen an, Luis Inacio Da Silva (LULA) di nan somè a ke Grangou sou plantèt la se zam destriksyon pa bann e pa pakèt ; men se pa sòlda li touye, se timoun inosan.

XS
SM
MD
LG