Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Enskripsyon Pati Politik yo Kòmanse


Machin elektoral la an branl nan peyi d Ayiti, kote pati politik ki vle patisipe nan lejislativ 28 fevriye ak 3 mas 2010 la gen jiska vandredi semèn sa a pou y’al enskri nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Prezidan Konsèy la, Gaillot Dorsainvil, pran angajman pou li respekte lalwa e òganize eleksyon ki kredib. Antou, li di operasyon yo ap koute 25 milyon dola ameriken.

Bayè de fon entènasyonal yo ak reprezantan peyi zanmi Ayiti yo te reyini apremidi a nan Lokal PNUD (Pwogram Nasyonzini pou Devlòpman) pou deside sou kontribisyon yo pral bay KEP a pou òganize eleksyon lejislativ yo. Reprezantan Komisyon Ewopeyèn nan, Francesco Gossetti, ki te pale ak Lavwadlamerik avan rankont la, fè konnen Komisyon an deja prevwa yon anvlòp 4-miyon Euro pou eleksyon sa yo.

Bayè de Fon yo ak peyi zanmi Ayiti yo regwoupe nan sa yo rele yon tab sektoryèl ki gen ladan n' Inyon Ewopeyèn, PNUD, Canada, Japon, Brezil, Etazini, Bank Entèramerikèn Devlòpman ak Bank Mondyal.

Toujou nan aktyalite ayisyèn nan pou jounen lendi 16 novanm nan,atelye Sevis Kreyol Lavwadlamerik la òganize pou jounalis ayisyen sou prevansyon maladi grip pòsin nan (virus A-H1N1 an) ouvè jodi a nan Pòtoprens. Chèf Sèvis Kreyòl la, Ronald Cesar, ki sou plas ann Ayiti pou dirije seminè a ansanm ak jounalis LyoneL Desmarattes, ap ba nou yon ide sou dewoulman premye jounen an.

Ou ka koute tout eleman sa yo si w fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj web la.

XS
SM
MD
LG