Accessibility links

Breaking News

Yon Festivite Spòtif Demare 11 Novanm an Ayiti


Ayiti Sport

Nan peyi d’Ayiti , se jodi-a kou danvwa semèn Jenès, Spò ak Sitwayènte. Minis Spò-a Evans Lescoflair fè Lavwad Lamerik konnen tout delegasyon-yo gen tan la e anpil gwo pèsonalite spòtiv ayisyen e entènasyonal ap prezan pou gwo evenman sa-a .

Foutbòl/ Koup du Mond

Nan semi final koup du mond foutbòl U-17 la kap kòmanse Jedi 12 Novanm Kolonbi ap rankontre la Swis epi Espay kont Nijerya. 2 venkè yo ap rankontre an final Dimanch 15 Novanm nan.

Foutbòl/ Etazini

Antrenè seleksyon nasyonal ameriken an Bob Bradley publiye lis 22 jwè ameriken ki pral reprezante Etazini nan match amikal kont Slovaki nan Bratislava 14 Novanm kap vini la a. 14 pami jwè sa te fè pati seleksyon ki te ede Etazini kalifye pou koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Menm seleksyon pral rankontre Danmak 18 Novanm.

Foutbòl /Almay

Gadyen d-bu seleksyon foutbòl Almay la Robert Enke touye tèt li apre li lage kò l devan yon tren.

La polis fè konnen kapitèn ekip Hanover a lese yon nòt yè Madi a pou l di anonse se li menm ki touye tèt li. Madan Enke ki tap pale ak jounalis di foutbolè ki nan tretman pou depresyon depi 2003 di defen an te pè pou l la justis pat pran nan menm pitit adoptif li apre nouvèl sou maladi a te pran la ri.

Foutbòl / Espay

Gwo eksplwa nan Cope Del Rey-la ann Espay , se Alcorcon , yon klub 3 e divizyon ki elimine le gran Real Madrid malgre defèt-li, 1a 0. Nan match ale Alcorcon te kale madrilèn 4-0 . Sepandan FC Barselòn pa fè detay ak yon lòt klub 3e divizyon (Clutural Leonesa) ----ke-l kale 5-0…elimine ! Nan lòt match nan Koup du Wa-a lojik-yo respekte : Atletiko Madrid van-nen Marbella 6-1 Maxi Rodriguez fè 4 gòl nan rankont-la ; Seviy van-nen tou Atlético Ciudad (5-1).

Foutbòl/ Ronaldo

Entènasyonal pòtugè Christiano Ronaldo pa an mezu pou-l jwe pou Pòtugal nan 2 match baraj potugè-yo pral kont Bosni-Herzegovine 2 match baraj pou kalifikasyon pou mondyal 2010. Se rezulta evaluasyon ekip medikal Federasyon Pòtugal Foutbòl-la .

Atletisme

Tribinal abitraj Swis la sispann pou la vi duran chanpyon 1500 mèt Turk Sureyya Ayhan apre li te teste pozitif pou yon 2 zièm substans.. Federasyon Atletis Turk la te déjà enpoze yon suspansyon avi kont atlèt la.

Volebòl

Chanpyon Eropeyen an Itali remonte yon defisi pou l kale Kore du Sud 3 set a 2 nan chanpyona du mond volebòl kap dewoule nan vil Tokyo o Japon. Repiblik dominikè n remonte yon defisi pou l kale chanpyon Azyatik la Tailand 3 set a 1. Brezil tronse òganizatè konpetisyon an Japon 3 set a 1.

Tennis

Jodi mèkredi la-a , nan tounwa Pari-Bercy-a , sèb Novak Djkovitch kale ajanten Juan Monaco anb 2 sèt 6-3, 7-5. Sèb ap rankontre nan 8 e de final ak enkè rankont ant Alman Tommy Haas ak fransè Arnault Clément. Yon pakèt gwo tèt de seri ap an aksyon jodi-a espayòl Rafaèl Nadal, Roger Federer, ak Gaël Monfils.

Natasyon

Najè chinwa Zhao Jing bat yon nouvo rekò du mond nan kous 50 mèt la planch nan koup du mond natasyon kout distans kap dewoule nan vil Stockholm an Swèd. Zhao kouvri distans la an 26 pwen 8 sekond.

Basketbòl

NBA: Denver Nuggets kale Chicago Bulls 90 a 89 . Miami Heat gras ak Dwayne Wade ki make 41 pwen van-nen ekip nou-an Washington Wizards 90-76 . Lòt venkè pou sware-a se Portland, Orlando, Dallas, ak Sacramento.

XS
SM
MD
LG