Accessibility links

Breaking News

Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a


Sena ayisyen an fòme yon komisyon pou analize pyès premye minis deziye a, Jean-Max Bellerive, ki gen pou prezante l' nan chanm wot la mèkredi 4 novanm nan. Komisyon senatoryal sa a gen ladan ansyen prezidan sena a, Joseph Lambert, Mathurin Féquière, Wenseslas Lambert, Séméfils Gilles ak Carlos Lebon.

Sena a di li pral travay pou kapab genyen yon nouvo premye minis ak yon nouvo gouvènman avan 18 novanm. Pwosesis la pral komanse nan sena a kote komisyon an gen pou prezante asanble a yon rapò apre l’ finn etidye pyès mesye Bellerive yo. Senatè yo pral gen pou vote swa an favè swa kont rapò sa a. Dosye Premye Minis deziye a prale apre nan chanm bas la.

Pwosesis ratifikasyon chwa Jean-Max Bellerive la pral dewoule nan moman plizyè konpayi Sid Koreyen ap pare pou y al’ envesti nan sektè soutretans la ann Ayiti nan fen mwad novanm nan. Prezidan Asosiasyon Endistri Dayiti (ADIH), Georges Sassine, fè deklarasyon sa a sou Lavwad'lamerik apre yon toune li sòt reyalize nan Irlande ak Kore di Sid. Mesye Sassine swete tranzisyon politik la pral fèt vit pou bay envestisè yo, ayisyen ak etranje, konfyans.

Klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute nouvèl yo

jleroy@voanews.com

XS
SM
MD
LG