Divès ajans kooperasyon entènasyonal, reprezantan bayèdefon bilateral ak miltilateral, ap pare yo pou patisipe nan yon rankont sou Ayiti nan peyi Meksik soti 4 pou rive 5 novanm. Se gouvènman meksiken an ak OEA ki òganize rankont sa a kote patisipan yo pral fè chita pale, pataje enfòmasyon sou koòdinasyon, kooperasyon yo avèk Ayiti, epi, wè kòman yo pral devlope kèk pwogram konjwen nan peyi a.
Sekretè jeneral adjwen OEA a, Albert Ramdin, di Lavwadlamerik: “Se yon reyinyon ki pral mete aksan sou yon eleman trèzenpòtan nan kooperasyon an ki se koòdinasyon asistans finansyè bayè de fon yo ak ajans finansman entènasyonal yo ap bay Ayiti.”
Yon delegasyon Ayisyèn ki gen alatèt li minis afè etranjè Alrich Nicolas, pral patisipe nan rankont sa a. Sekretè jeneral adjwen OEA a, Albert Ramdin, asistan-sekretè deta ameriken pou emisfè oksidantal la, Thomas Shannon, se kèk pami gwo pèsonalite ki ap prezan nan reyinyon 2 jou sa a nan Meksiko.
Reyinyon entènasyonal sa a pral dewoule anviwon yon semèn apre Sena aysiyen an finn revoke premye minis, Michèle Duvivier Pierre Louis, ansanm ak kabinè ministeryèl li a.
Klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute nouvèl yo