Accessibility links

Breaking News

Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan


AFGHANISTAN: Sous ki pre kandida afghan alaprezidans Abdullah Abdullah anonse yo ka bòykote dezyèm tou eleksyon semèn pwochèn nan ak prezidan Hamid Karzai akòz kè sote yo genyen sou kredibilite vòt la. Nouvèl ki sòti Afghanistan site kèk responsab ki di misye Abdullah pral bòykote 2èm tou a si otorite an plas yo pa satisfè demann li yo. Kandida Abdulla Abdullah dwe anonse desizyon li demen dimanch lan.

Misye Abdullah te poze plizyè kondisyon nan semèn nan pou evite pakèt "iregilarite" ki te genyen nan eleksyon prezidansyèl 20 out 2009 la. Li te bay prezidan Karzai jiska samdi 31 oktòb la pou l' retire prezidan Komisyon Elektoral afghan an, Azizullah Lodin---yon demann misye Karazai voye jete.

Yon pòtpawòl Komisyon Elektoral afghan an di Lavwad'lamerik li twò ta pou misye Abdullah retire kò li legalman nan kouss la. Dezyèm tou eleksyon prezidansyèl ki fikse pou 7 novanm nan te deside apre yon ankèt Nasyonzini apiye te jwenn te genyen koken pa bann e pa pakèt nan premye tou mwa out la.

L'ONU-AFGHANISTAN:

Otorite afghan yo anonse yo arete omwen 5 moun yo kwè ki mele nan atak mòtèl ki te fèt mèkredi pase kont yon rezidans kote travayè imanitè Nasyonzini te abite nan vil Kaboul, kapital Afghanistan.

Chèf sèvis ransèyman afghan an, Amrullah Saleh, anonse arestasyon sa yo samdi. Atak sa a ke taliban yo te revandike te pran lavi 5 anplwaye Nasyonzini ak 2 gad-sekirite afghan. 3 asayan te peri tou nan eksplozyon yo te deklanche a.

Pakistan:

Nan Pakistan, otorite yo fè konnen yon bonm sote e touye 7 sòlda pakistanè samdi nan rejyon nòwès peyi a. 11 kretyen-vivan blese tou nan atak la ki dewoule nan rejyon Khyber---prensipal wout pou pote ranfò ak pwovizyon pou fòs entènasyonal kap goumen nan Afghanistan yo.

Vyolans sa a rive yon jou apre sekretè Deta Lèzetazini an, Hillary Clinton, fini yon vizit kote li te soulve anpil gwokesyon tankou : pouki Pakistan pa arete lidè Al-Qaida-yo? Chèf diplomasi amerikèn nan te di ”yon moun,nan yon rejyon kèlkonk nan Pakistan dwe konnen kote yo ye... pouki yo pa arete yo?.

IRAN:

Lejislatè ki nan yerachi palman iranyen an rejte pwopozisyon L’Onu apiye pou Iran bay lòt peyi anrichi iranyòm pou li yon fason pou kalme kè sote kominote entènasyonal la sou pwogram nikleyè repiblik Islamik la.

Prezidan Komisyon Sekirite Asanble Nasyonal iranyen an di medya leta a “Komite a kont plan anrichisman uranyòm aletranje a. Li ajoute “pa genyen garanti Iran pral resevwa, an retou, konbistib nikleyè a jan akò a endike a.

Etazini-Mwayen Noryan:

Sekretè Deta Hillary Clinton ap fè chita-pale ak otorite israelyen e palestinyen yo pou wè si yo va relanse negosyasyon lapè Mwayen Noryan yo ki nan yon enpass.

Anvwaye espesyal Etazini pou rejyon-an, George Mitchell, rankontre jodi-a ak madam Clinton ki fè chita-koze li menm ak prezidan otorite palestinyen an, Mahmmoud Abbas, nan vil Abou Dhabi, kapital Emira Arab Uni. Sekretè Deta a dwe rankontre tou nan peyi Israel ak premye minis Benjamin Netanyahu.

HONDURAS:

Nouvèl ki sòti nan peyi Honduras fè konnen yon akò pou yon gouvènman “pataj-pouvwa” ant prezidan dechouke Manuel Zelaya ak prezidan de fakto, Roberto Micheletti, kapab siyen anvan dat 5 Novanm nan.

Otorite ondirèy yo di yo genyen konfyans palman peyi a pral apwouveantant pou retabli misye Zelaya sou pouvwa a, kèk semèn anvan eleksyon prezidansyèl 29 novanm nan. Ni misye Zelaya, ni misye Micheletti pa kandida nan vòt la. Otorite yo pa di nan ki dat palman an a pral vote sou akò a.

Kousiprèm ondiryen an ppral bezwen otorizasyon palman an pou 'l pèmèt ou non misye Zelaya retounen sou pouvwa a kontinye rès 3 mwa li rete sou manda li a.


XS
SM
MD
LG