Nan peyi Honduras prezidan gouvènman enterimè a Roberto Micheletti anonse li pare pou’l siyen yon akò kap pèmèt prezidan depoze Manuel Zelaya retounen sou pouvwa a e mete fen nan kriz politik peyi a ap travèse depi plizyè mwa.
Mesye Micheletti deklare jedi 29 oktòb la nan aswè, li otorize ekip negosyasyon n nan pou siyen yon akò kap « make kòmansman lafen enpas politik la ».
Dapre akò, Kou Suprèm nan ki te soutni kou deta militè ap gen pou l pase palman lòd pou l vote si wi ou non la vote an favè retablisman mesye Zelaya. Kriz politik nasyon amerik santral la ki sanble li sou wout pou’l rive nan bout li anba presyon gwo ofisyèl ameriken ki twouve yo nan Honduras kounye a.
Mesye Zelaya di li optimis ke lap tounen sou pouvwa a. Sekretè Deta ameriken Hillary Clinton, ki tap pale nan Islamabad, kapital Pakistan, di li konsidere nouvo devlopman sa a kòm yon etap istorik pou Honduras.
Jedi 29 oktòb la asistan Sekretè Deta pou afè emisferik yo, Thomas Shannon, ki nan tèt delegasyon ofisyèl ameriken ki nan Honduras la, te di 2 pati rival yo dwe jwenn yon akò pou asire yo ke yo genyen sipò kominote entènasyonal la nan okazyon eleksyon prezidansyèl ki gen pou dewoule nan finisman mwa novanm nan.
Prezidan Zelaya te pèdu pouvwa a 28 jen pase a kote lame te arete l e voye l ann egzil. Advèsèl yo akize l dèske li tap eseye ilegalman chanje konstitisyon an pou l te ka pwolonje manda l sou pouvwa a.
Yon lòt kote, gouvènman Micheletti a te pote yon plent ofisyèl devan Tribunal Entènasyonal Jistis La Hè a kont peyi Brezil poutèt li bay mesye Zelaya refij nan anbasad li genyen nan Tegucigalpa, kapital Honduras.
jbeliz@voanews.com