Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis


Apre yon seyans maraton--soti dezè nan apremidi pou rive a minui 25 (nan lè Ayiti)-- Sena ayisyen an fè sa ki te deja parèt tankou yon konklizyon lojik nan dosye entèpelasyon Premye Minis Michèle Duvivier Pierre-Louis a: yon vòt non-konfyans kont Chèf Gouvènman an.

Nan vòt pou mosyon sansi a, 18 Senatè te vote pou voye madan Pierre-Louis ale, youn te asteni li, e okenn pat vote kont. Jounalis ki te sou plas rapòte ke gwoup minoritè a, ki t'ap eseye pwolonje seyans la pou anpeche yon vòt, te kite Palman an yon ti tan apre minuit.

Prezidan Sena a, Dr. Kelly Bastien, di jounalis yo tousuit apre vòt la ke desizyon an legal. Li eksprime regrè pou sa li rele "eka nan langaj ak konpòtman" sèten kòlèg nan Gran Kò a. Li deklare se te yon seyans trè difisil.

3 Senatè--Youri Latortue, Rudy Hériveaux, ak Evalière Beauplan--te anplwaye yon taktik palmantè pou fè seyans la depase minui, ak espwa ke dispozisyon lalwa tap anpeche yon vòt fèt nan lè sa a. Men majorite Senatè yo, ki nan pati Lespwa, te reponn ak ton taktik silans, rete tann, pou yo akonpli sa yo te vin fè a. A minui 25, Senatè Joseph Lambert te anonse desizyon final la.

Se pa yon kou siprann puiske depi kèk jou anvan seyans 29 oktòb 2009 la, plizyè manm Lespwa te deja deklare nan laprès ke wè pa wè Premye Minis la tapral resevwa yon move kanè nan Sena a. Madam Pierre-Louis, ni okenn manm Kabinè li a, pat prezante nan seyans la.




XS
SM
MD
LG