Accessibility links

Breaking News

Diskisyon ant FIFA ak Ajans Anti Dopaj la


FIFA / WADA

FIFA ak Ajans Anti Doping pral travay ansanm pou kreye yon pwogram pou fè tès anti drog sou meyè foutbolè ki gen sou planèt la. Responsab yo sugjere yon paspò ki ta kapab genyen echantiyon urin ak san foutbolè a.

Prezidan Sepp Blatter ki tap pale apre rankont la di lap pran twòp tan pou prepare yon paspò byolojik kap gen yon echantiyon urin ak san atlèt la ke yo kapab konpare. Konfederasyon foutbòl Afriken an ranplase ofisyèl ki ta pral abitre match ale lig chanpyon Afriken an ant klub Nijeryen Hearland ak klub Repiblik Kongo TP Mazembe. Se yon trio Ejipsyen kap ranplase trio abit inisyal la. Otorite yo pa bay rezon desizyon an.

Foutbòl / Koup du Mond

Seleksyon foutbò̀l Turki a danse sou Kosta Rika 4 a 1 pou l kalifye pou kar de final koup du mond U-20 an kap dewoule nan Nijerya. Match la te ranvwaye akoz la pli. La Oland kale Ganbi 2 a 1 pou rete an vi nan koup du mond la. Nouvèl Zeland fè yon 2 zièm match nul fwa sa a fas ak Burkina Faso 1 a 1. Etazini ap rankontre Malawi. Nan lòt rankont Iran fè match nul ak Kolonbi 0 a 0 malgre la pli.

Foutbòl/ Polòy

Federasyon foutbò̀l Polonè a anplwaye Franciszek Smuda kòm nouvo antrenè seleksyon an juskan 2012 apre Polonè yo te elimine nan koup du mond Afrik du Sud la. Premye Misyon Smuda se prepare seleksyon an pou koup dEròp 2012 la ke la Polòy ap akeyi an tandè m ak Ukrè n. Smuda ranplase Olandè Leo Beenhakker ki revoke depi mwa Septanb pou move rezilta.

Foutbòl/ Etazini

Houston Dinamo ap vizite Seattle Sounders nan kad match ale faz final lig foutbòl balonwon ameriken an.

Baskètbòl/ NBA

Orlando Majik wouze Philadelphia 76ers 129 a 106 nan ouvètu sezon NBA a pandan ke Boston Celtics kale byen kale Charlotte Bobcats 92 a 59. Cleveland Cavaliers subi 2 zièm defèt li fwa sa a fas ak Toronto Raptors 101 a 91 malgre Lebron James make 23 pwen—12 pas ki make pwen epi trape balon an 11 fwa. Atlanta, Maimi, Oklahoma City, San Antonio, Minnesota, Detroit, Houston, Phoenix ak Dever yo tout ranpòte la viktwa.

XS
SM
MD
LG