Konvansyon Pati politik yo ki regwoupe plizyè pati, platfòm, ak gwoupman politik, di Lavwadlamerik dosye sa a pa fè l ni cho ni frèt. Prezidan Konvansyon an, Victor Benoît, di : "sa kap regle la a se yon kerèl Fanmi ant prezidan ayisyen an, René Préval, premye minis li a ak nouvo senatè Lespwa yo. Konvansyon an pa gen pou foure bouch".
Sepandan, mesye Benoît fè konnen " yon vòt sansi kont premye minis ayisyen an kapab voye yon siyal negatif bay kominote entènasyonal la, envestisè etranje yo sou stabilite politik la ".
Sepandan, kontrèman a konvansyon pati politik yo, Mèt Févry kwè yon vòt non-konfyans senatè yo pa pral chanje atitid kominote entènasyonal la ak envestisè etranje yo vizavi Ayiti.
20 senatè pati Lespwa pwomèt pou yo revoke premye minis ayisyen si yo pa satisfè ak eksplikasyon li pral bay sou itilizasyon fon dijans 197 milyon dola a ak plizyè lòt dosye nan seyans jedi 29 oktòb la. Chèf gouvènman ayisyen an, nan yon deklarasyon anrejistre li fè jounen 27 oktòb la, anonse ouvèti yon ankèt prive sou dosye fon dijans la. Senatè Pati Lespwa ak Lavalas yo fè konnen anons sa a pa pral chanje anyen nan desizyon y’ap gen pou pran.
Madam Duvivier Pierre-Louis aksepte prensip entèpelasyon an. Sepandan li poko konfime si li prale nan Sena a jedi. Premye minis la benefisye apui Lèzetazini ak rès kominote entènasyonal la.