Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a


Prezidan Lèzetazini an, Barack Obama, di li byen kapab kanpe sou tout desizyon konsènan yon ogmantasyon efektif militè ameriken nan Afganistan jous aprè dewoulman 2èm tou eleksyon an nan peyi sa a --2èm tou ki fikse pou mwa pwochen an. Misye Obama pale klè pou l di li rekonèt ke sitiyasyon an toujou frajil, toujou chaje ak tansyon nan Afganistan. Lidè ameriken an pale konsa nan yon entèvyou ak chèn televizyon NBC. Youn nan kesyon jounalis la te poze prezidan an, se eske òganizasyon 2èm tou eleksyon an kapab oblije administrasyon n nan ranvwaye publikasyon yon estrateji revize pou Afganistan. Misye Obama fè konnen –nap site: «Mwen panse li totalman posib pou nou fin prepare estrateji a anvan moun konnen kilès ki ranpòte 2èm tou eleksyon an. Men se posib tou pou n pa fè okenn anons sou sa.»

Prezidan Obama kontinye pou l di jounalis NBC a li pa pral prese pran yon desizyon anvan lè konsènan yon ogmantasyon efektif militè ameriken nan Afganistan; li dispoze rete tann pou l pran desizyon ki korèk la sou kesyon an. Sitasyon :

«Nou ta renmen asire nou tou ke nou pap fikse priyorite a sou resous, sou gwo prezans militè, olye nou fikse l pito sou estrateji.»

Yon fason pou prezidan Obama di, pou sa ki konsènen sitiyasyon an nan Afganistan, administrasyon n nan pa vle mete «la charue avant les bœufs». Sou menm dosye a, lidè ameriken an resevwa yè mèkredi a yon rapò tou nèf nan men palmantè John Kerry, prezidan Komisyon Afè Etranjè Sena a, ki fèk fè yon visit nan Afganistan. Pandan misye Kerry tap kite La Mezon Blanch, li pale ak laprès pou l di li apiye desizyon misye Obama pran pou l rete tann rezilta 2èm tou eleksyon yo nan Afganistan anvan li anonse pyès chanjman nan estrateji militè Lèzetazini nan peyi sa a. Senatè Kerry di:

« Mwen panse bon sans sèlman fèt pou di prezidan an li pi bon pou l tann 2 semèn ki rete pou eleksyon yo fin dewoule. 2 semèn, mezanmi, se pa anpil tan pou w rete tann pou w konnen eske Afganistan ap genyen yon gouvènman ki kapab travay avèk ou. »

Pandansetan, Oganizasyon Nasyon Zini fè konnen li pral revoke mwatye nan manm pèsonèl li ki te patisipe nan òganizasyon premye tou a nan Afganistan --yon premye tou "ki te chaje ak koken" daprè yon ankè l'ONU te òganize.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG