Accessibility links

Breaking News

Prezidan Sepp Blatter Kandida pou 2011


FIFA/ Sepp Blatter

Prezidan FIFA a Sepp Blatter anonse entansyonn pou l chache yon lòt manda nan tèt òganizasyon foutbòl mondyal an 2011 pou l kapab fini misyon li genyen pou l devlope foutbòl sou planèt la. Msye Blatter pat deklare kandidatu l nan okazyon rankont komite Ekzekitif FIFA a te fè nan Rio de Janeiro nan kòmansman mwa Oktòb la.

Pwochen Kongrè FIFA a ap dewoule nan Joannesburg 10 e 11 Jwen 2010 la vèy ouvètu koup du mond la. 3 zièm manda msye Blatter a ta dwe fini an 2011.

Foutbòl / Eròp

Gwo supriz nan okazyon 3e jounen Lig chanpyon an. Qui l'aurait dit: Nan Gwoup F-la FC Barselòn tonbe 2-1 nan stad Nou Camp devan klub rus Rubin Kazan .

Bel operasyon pou Dinamo de Kyev kal rache yon match nul 2-2 nan San Siro fas a Inter de Milan. Seviy kale Stoutgart 3-1 ; Arsenal fe match nul 1-1 kont Alkmar. Olympiakos kale Standard de Lyej 2-1. Nan Gwoup E-a : Bel operasyon pou Lyon ki kale an deplasman Liverpool 2-1. Debrecen-Fiorentina 3-4.

E jodi-a , nou pral suiv 8 rankont ankò : rankont far-la se Real Madrid kont Milan AC nan Stad Santiago Bernabeou . Manchester United kont CSKA Moscow .

Foutbòl / Etazini

Isit Ozetazuni, Landon Donovan resevwa pri Honda pou meyè jwè ane 2009-la . Sa fè 6 zièm fwa Donovan ranpòte distenksyon sa-a. Donovan make 42 gòl pou seleksyon amerikèn-nan pandan 120 match. Li di depi nan kòmansman ane-a li te gen 3 objektif : Kalifye seleksyon ameriken an pou faz final koup du mond Afrik du Sud la, kalifye Los Anjeles Galaksi pou faz final MLS la epi fè l tounen yon jwè konplè sou teren an. Donovan resevwa 424 pwen nan men 221 journalis ameriken. Gadyen d bu Tim Howard fini 2 zièm ak 267 points. Ayisyen ameriken Jozy Altidore fini an 3 zièm pozisyon ak 175 points. Donovan tounen premye jwè ki ranpòte pri Honda-a 3 fwa afile.

Foutbòl / KONKAKAF

Klub ameriken Kolonbus Crew ak Klub Meksiken Toluca kalifye pou kar de final Lig chanpyon KONKAKAF la. Kolombus Crew jwenn kalifikasyonn apre match nul 1 a 1 li fè ak Puerto Riko Islanders. Toluca kalifye gras ak match 1 a 1 li fè yè swa ak DC United. Cruz Azul, ki te déjà kalifye, kale Deportivo Saprissa 2 a 1. Lòt klub ki te déjà gen tikè yo se Pachuca, Cruz Azul ak Pumas

Jodi a Pachuka ap rankontre klub Panameyen Arabe Unido ki bezwen yon viktwa ou byen yon nul pou l kalifye. W Connections kont Real Espagna , epi Metapan kont Houston Dinamo.

Demen Jedi a pral enpòtan pou DC United kap tann rankont kap jwe ant Marathon ak Jabloteh. DC United kapab fini 2 zièm nan group B a si klub Panameyen an fè match nul ou pèdu rankont la. DC United ap elimine si Marathon ranpòte la viktwa.

Nan lòt rankont pou demen Jedi a Communicaciones ap jwe kont Pumas.Responsab yo fikse 17 Novanm pou tiraj osò kar de final la ki se an mèm tan faz dechoukaj la.

Foutbòl/ Azi

Nan lig foutbòl Azyatik la klub Sud Koreyen Pohang Steelers kale klub Katar Umm Salal 2 a 0 nan match ale semi final lig chanpyon Azyatik la. Match retou a fikse pou Mèkredi 28 Oktòb nan Katar. Venkè a ap rankontre venkè ant klub Sawoudyen Al Ittihad ak klub Japonè Nagoya Grampus nan vil Tokyo 7 Novanm.

XS
SM
MD
LG