Accessibility links

Breaking News

Etazini-Japon : Minis Defans Robert Gates Pote Apui Washington bay Nouvo Gouvènman an nan Tokyo


Minis defans ameriken an, Robert Gates, fè konnen Administrasyon Obama a pa dispoze renegosye yon akò sou prezans twoup militè Lèzetazini genyen sou tèritwa japonè a. Misye Gates pale konsa ak laprès anvan li te rive Jodi madi a nan vil Tokyo, kote li fè chita-tande ak minis afè etranjè japonè-a, Katsuya Okada. Lidè Pentagòn nan –ki déjà rankontre tou ak kèk lòt lidè nan ekip tou nèf ki fèk pran pouvwa a o Japon- fè yo konnen santiman gouvènman Obama a sou dosye sa a lè li fè konnen – nap site:

<<Nou menm, nan Adminitrasyon Obama a, nou byen konnen kisa sa vle di lè wap pase pa yon peryòd tranzisyon. E nan moman gouvènman pa nou isit, o Japon, ap egzèse responsablite nou, mwen vle di nou Lèzetazini kanpe avèk nou e nou pran angajman pou n respekte e aplike alyans nou te siyen pou n egzekite yon pwogram kap transfòme relasyon nou.>>

Daprè alyans misye Gates mansyone la a --yon alyans 2 peyi yo te siyen an 2006-- Lèzetazini te dakò pou l wete yon afè de 8 mil « merines » ki sou zile Okinawa nan pati sid Japon, pou l voye yo kantone pito sou il Gwam ki se yon trèritwa ameriken. Daprè menm antant la toujou, yon baz militè ameriken ki sou il Okinawa ap gen pou l chanje lokalizasyon –satèdi yo pral plase li yon lòt kote sou il la. Aprè vizit sa a o Japon, misye Gates genyen pou l ale nan peyi Slovaki kote li pral asiste yon rankont minis defans peyi manm Oganizasyon Trete Atlantik Nò a, l'OTAN.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG