Accessibility links

Breaking News

Pa Gen Gwo Chanjman nan Klasman FIFA Mwa sa a


Foutbòl / FIFA U-20

Aktualite-a jodi-a chita nan vil Kair an Ejipt , kote Brezil pral rankontre ak Gana nan final Mondyal mwen de 20 tan-an .

Foutbòl / FIFA Klasman Mondyal

Pandansetan FIFA fè soti chak mwa: Brezil toujou numewo 1 devan Espay, chanpyon dewòp-la ak La Oland. Nan dènye klasman-an , Almay ak Itali te pataje yon plas, men kounye-a Itali klase 4 trièm devan Almay ki 5 kièm. Ajantinn pèdu 2 plas pou-l tonbe an 6 zièm pozisyon devan Angletèr ki an 7 tièm pozisyon. Kwasi, Lafrans , Pòtugal , ak La Rusi konplete lis 10 premye-yo .

Nan zòn CONCACAF-la nou jwenn Etazuni ki klase 11 zièm nan Klasman FIFA sa-a. Klasman mwa sa a baze sou 192 match pami-yo 147 match kalifikatif pou Mondyal 2010-la an Afrik du Sud.

Foutbòl / Ekwatè

Yon lòt kote Federasyon Foutbòl Ekwatè a revoke antrenè seleksyon apre defèt 1 a 0 seleksyon an subi devan Chili. Ekwatè yo te bezwen yon viktwa pou yo te fini 5 kièm nan group Amerik du Sud ki tap pèmèt yo jwe yon match de baraj ale/ retou kont Kosta Rika ki fini 4 trièm nan zòn KONKAKAF la.

FIFA/ Maradona

FIFA anonse entansyon li genyen pou-l ouvè yon ankèt sou move pawòl, pawòl ki gen rapò ak sèks Maradona ta pwononse an direk sou yon chèn televizyon apre kalifikasyon Ajantin pou Mondyal 2010-la . Prezidan òganizasyon mondyal foutbòl-la Sepp Blatter deklare , rapò li jwenn sou konpòtman Maradona-a , antrenè ekip Ajantinn-nan , pa kite lòt chwa ke mande komite disiplinè-a pou-l men-nen yon ankèt.Ajantinn te kale Urugwe 1-0 pou jwenn biyè-l pou Mondyal 2010-la.

Tenis

Nikolay Davydenko ak Feliciano Lopez kalifye pou demi-final tounwa tenis dè mèt Shangai-la kap dewoule nan peyi Lachinn. Davidenko kale tchèk Radek Stepanek an 3 sèt : 6-1, 4-6, 6-1. Davidenko kap chèche yon 3 zièm tit pou sezon an pral rankontre ak venkè rankont kap dewoule ant sèb Novak Djokovic (2) ak fransè Gilles Simon. Yon lòt kote, Lopez li-menm pase pou demi final la apre viktwa-l an 2 sèt : 7-6, 6-3 sou swedwa Robin Soderling . Lopez ap rankontre nan semi final la espayòl Rafael Nadal ki kale ak koat Ivan Ljubicic 3-6, 6-3. Koat la pat kapab kontinye rankont la akoz blesu.

Olenpik

Munich an almay, Annecy an Frans ak Pyeongchang kore du Sud soumèt kandidatu yo pou akeyi je zolenpik dhivè yo an 2018. Chak vil sa yo peye yon frè 150 mil dola pou aplikasyon an epi yo gen jusko 15 Mas 2010 pou ranpli yon kesyon Komite Olenpik Entènasyonal soumèt bay yo.

Apre analiz komite ekzekitif 15 manb òganizasyon spòtif pral gen pou l deside an Jwen si wi ou non lap aksepte kandidatu 3 vil yo ou byen si l ap redui lis la. Finalis yo pral gen pou soumèt pou plan detaye 11 Janvye 2011.

Yon komisyon devaluasyon pral vizite chak vil kandida yo avan yo anonse vil kap akeyi konpetisyon an le 6 Juyè 2011 nan okazyon sesyon Komite Olenpik Entènasyonal la ap òganize nan vil Durban an Afrik du Sud.

XS
SM
MD
LG