Accessibility links

Breaking News

Pwogram Lib Tribin VOA Sou Viza Ameriken


Ann Ayiti tankou nan anpil peyi ki sou wout devlòpman, fenomèn emigrasyon an (moun k’ap pati ale aletranje) trè pwononse. E youn nan destinasyon prensipal yo, pou n’pa di destinasyon prensipal la, se Etazini.Anpil mounn itilize mwayen legal ou swa ilegal, peye raketè gwo lajan pou yo jwenn yon viza touris.

Envite pwogram Lib Tribin 14 oktòb 2009 Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, Garry Pierrot, k’ap travay kòm Vis-Konsil nan Anbasad Amerikèn nan Pòtoprens eksplike oditè ak entènot yo pwosesis yo dwe swiv pou yo kapab jwenn yon viza non-imigran ou viza touris. Bon jan enfòmasyon ak yon bòn preparasyon se 2 eleman enpòtan, dapre vis-konsil la, tout moun ki pral mande yon viza touris bezwen pou yo pa viktim fwod raketè malonèt.

Kllike sou ralonj ki anlè e a dwat paj web la pou koute pwogram Lib Tribinn Lavwadlamerik la sou viza ameriken.

XS
SM
MD
LG