Accessibility links

Breaking News

Plizyè Pati Politik Ayisyen Reklame Chita-Tande ak Prezidan Préval Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral la


Gen revandikasyon kap soti nan klas politik ayisyèn nan jodi a sou kesyon pou konnen si wi ou non yo deside chwazi moun ki pou reprezante yo nan Konsèy Elektoral la. Prezidan René Préval te bay yon delè jiska yè madi a pou sektè konsène yo anonse desizyon yo.

Korespondan-nou nan Potoprens Rotchild François, Jr., di nou Konsèy Nasyonal Pati Politik yo ap voye yon nouvo reprezantan, men sou kondisyon.

Bò kote pa li, Konvansyon Pati Politik Ayisyen yo demanti enfòmasyon ki ta fè kwè li pwopoze pouvwa egzekitif la non reprezantan li nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Victor Benoit, ki se Prezidan Konvansyon an, te re-afime demanti sa a sou antèn Vwadlamerik jodi a.

Klas politik la gen kèk jou depi lap reklame chita-pale ak Prezidan René Préval, sou fòmasyon yon nouvo KEP.

Pou w ka koute repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG