Accessibility links

Breaking News

Brezil kont Gana nan Final U 20 an Vandredi


Foutbòl / U-20

Mondyal U-20 kap dewoule nan peyi Ejipt. Brezil ap rankontre Gana Vandredi kap vini la a nan final koup du mond U-20 an kap dewoule an Ejipt. Brezilyen kale Costa Rica anba redu 1-0 pou jwenn tikè l pou final la. Ganeyen yo li-menm te kale avan sa-a Hongri 3-2. Hongri ak Kosta Rika pral jwe match pou 3 zièm e 4 trièm plas la.

Foutbòl / Koup du Mond

Anpil match kalifikatif pou Mondyal 2010-la . Dabò , anpil matematik ap fè pou rejyon amerik du Sud la avèk deplasman difisil Arjantinn ap fè nan Montevideo kote la tè pral tranble lè arjanten yo pral mate balon kont Urugwe pou 4e plas-la. Ekwatè kap jwen an deplasman lakay Chili espere yon mirak pou 4e plas-la. Espwa fè viv ---Venezuela gen espwa tou : Lap jwe kont Brezil e li pral dèyè 5 kièm plas kap ba l dwa jwe yon match de baraj kont peyi ki klase 4 trièm nan Amerik du Sud la.

Brezil, Paragwe, ak Chili deja kalifye. Ki donk gen yon dènye plas kalifikatif dirèk ki disponib pou 4 trièm plas-la . Nap siyale Paragwe ap akeyi Kolonbi ; epi nan Lima , Perou kont Bolivi , 2 dènye-yo.

Foutbòl / KONKAKAF

Nan KONKAKAF la 3 zièm ak 4 trièm plas la toujou an diskisyon ant Kosta Rika ak Honduras apre Etazini ak Meksik boukle yon plas nan faz final la semen pase a. Kosta Rika ki gen 15 pwen dwe kale Etazini si l vle evite jwe yon match de baraj kont peyi ki klase 5 kièm nan Amerik du Sud la—nan ka sa a Honduras ap fini 4 trièm e pral jwe yon match de baraj. Si Kosta Rika pèdu devan Etazini e ke Onduras kale Salvador eh byen Onduryen yo ap jwenn dènye tikè ki disponib pou KONKAKAF la. Si Onduras ak Kosta Rika fè match nul respektivman ak Salvador e Etazini Kosta Rika ap kalifye. Si Kosta Rika fè match nul epi Honduras ranpòte la viktwa-Onduras kapab kalifye sou gòl diferans.

Dènye rankont sware a Trinidad and Tobago ak akeyi Meksik nan Port of Spain-yon rankont ki pa gen oken an je etan done Trinidadyen yo déjà elimine. Tout match yo nan KONKAKAF la ap jwe a 8 thè 05 aswè, eksepte rankont Meksik/Trinidad and Tobago a kap jwe a 6 zhè 05.

Foutbòl / Eròp

Gen sansasyon tou ann ewòp: make 2 kalifye : La Suis ou La Grès nan Gwoup 2-a ; Slovaki ou Sloveni nan Gwoup 3-a . 2 kalifye sa-yo ap rejwen : Danemark, Almay, Espay, Angletèr, Itali, la Serbie ak La Oland . Lòt rankont ap sèvi pou detèmine 4 ekip ki pral jwe match de baraj-yo kont La Rusi, Lafrans, Bosnie-Herzégovine, ak Iraland ki déjà klase kòm meyè 2 zièm

Cyclisme / Tour de Frans

Jodi-a nan Palè dès Congres-a nan vil Pari nan peyi la Frans , responsab kous bisiklèt Tour de Frans-la devwale pakour Tour de Frans . PrezidanTour-la Christian Prudhomme te bay eksplikasyon sou itinerè edisyon 2010 la . Ameriken Lance Amstrong, ki ranpòte konpetisyon 7 fwa afile, byen akeyi nouvo pakour-a. Li di premye semèn-nan ap difisil , men se Pirene-yo kap pi detèminan . Objektif-li se ranpòte edisyon sa-a .

Olenpik/ Samaranch

Ansyen prezidan Komite Olempik Entènasyonal Juan Antonio Samaranch ospitalize apre yon kriz kardyak. Mesye Samaranch ki gen 89 van te dirije komite Olenpik la soti 1980 pou rive 2001, te endispoze pandan li tap asiste Festival Spò entènasyonal-la nan Monaco.

Mesye Samaranch te prezan dènyèman la-a nan Copenhag , kote komite-a ta pral bay Rio de Janeiro , Brezil dwa pou-l òganize jeu zolempik 2016-yo.

Olenpik 2018 / Chin

Minis spò chinwa a anonse peyi l pap soumèt kandidatu pou akeyi je zolenpik dhivè yo an 2018. Anons sa a fè 24 thrè avan delè pou soumèt kandidatu vil yo enterese yo bout demen Jedi a. Dapre nouvèl vil tankou Munik an Almay, Pyeonchang an Kore du Sud epi Annecy an Frans kapab soumèt kandidatu yo nan delè ki fikse a. Komite Olenpik Entènasyonal la ap seleksyone vil kap akeyi je zolenpik dhivè 2018 yo an Juyè 2011.

XS
SM
MD
LG