Accessibility links

Breaking News

AYITI ak LONU Onore Memwa 11 Kask Ble Ki Te Mouri Nan Yon Aksidan Avyon tou Pre Pòtoprens


Se nan katye jeneral kontenjan brezilyen an nan Pòtoprens Misyon Stabilizasyon LONU an ann Ayiti (MINUSTAH) rann yon dènye omaj jodi 13 oktòb la bay 6 solda irigweyen ak 5 solda jòdanyen ki te pèdi lavi yo nan yon aksidan avyon jou ki te 9 oktòb la.

Reprezantan Sekretè Jeneral LONU an ann Ayiti, Hedi Annabi, ki te pran lapawòl nan sikonstans sa a, te salye prezans chèf leta ayisyen an, Rene Preval, minis jistis la, Jean Joseph Exumé, ak kò diplomatik la, li konsidere kòm yon jès solidarite.

Chèf sivil MINUSTAH deklare : « Trajedi sa a montre a klè danje ki menase solda LONU yo chak jou nan kad travay yo. Lanmò 11 kask ble sa yo pa rive pou gran mesi. Li pral sèvi pou ranfòse detèminasyon misyon an ki se travay pou stabilite ak pwogrè peyi Dayiti. »
Prezidan Ayisyen, Rene Preval, bò kote pa l’, rann 11 solda sa yo omaj. Li ba yo Od “Onè e Merit” avèk grad Kòmandè. Apre seremoni an, responsab MINUSTAH yo te rapatriye kò solda yo nan peyi yo.

6 solda irigweyen ak 5 manm batayon jòdanyen an te mouri vandredi 9 oktòb la apre avyon militè irigweyen tip CASA 212 ki tap transpòte yo ta l’ kraze nan yon lokalite Ganthier tou pre Fonds-Verrettes (45 kilomèt Pòtoprens).

Zòn kote aksidan avyon an rive a toujou sou kontwòl MINUSTAH jiskaske yo jwenn enfòmasyon nan kad ankèt y’ap menen sou dosye sa a.

jleroy@voanews.com

klike sou ralonj ki anlè e a dwat paj web la pou koute repòtaj korespondan nou sou seremoni 13 oktòb la

XS
SM
MD
LG