Accessibility links

Breaking News

Ayiti ak Repiblik Dominikèn Dwe Fè Chita-Pale Pou Mete Fen nan Vyolans Ki Afekte Sitwayen 2 Nasyon yo


Relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn (2 peyi ki pataje zile Hispaniola nan rejyon karayib la) pa janm finn twò bon e kèk fwa li pi mal ke bon, suivan sitiyasyon politik ou ekonomik ki egziste nan youn ou lòt kote pa lòt bò fwontyè a.

Mank opòtinite ekonomik, mank travay, chomaj ak degradasyon anviwonnman an nan pati ayisyen zile a, pouse anpil pitit premye Repiblik Nwa a al chèche, ilegalman, yon lavi miyò nan "peyi panyòl". Dapre estimasyon yo, genyen apeprè 1 milyon ayisyen nan Repiblik Dominikèn--pifò ladan yo pa genyen papye legal.

Prezans yo laba a ede ekonomi dominikèn nan, sitou nan domèn agrikòl ak nan domèn konstruksyon an, men li soulaje tou presyon an sou gouvènman Pòtoprens lan. Nan panyòl, ayisyen sa yo ap fè fas ak prejije kiltirèl e rasyal dominiken ki souvan maltrete e touye yo an tout enpinite. Pou sila ki genyen santiman anti ayisyen an, "ayisyen yo se "sovaj e sovaj yo nan lakou nou kounye a, nou dwe bloke yo". Opinyon sa yo mete van nan vwèl rayisab dominiken mwayen yo vizavi abitan lòt tyè zile Hispaniola a. Sepandan, se pa tout tan reyaksyon sa a baze sou kilti, koulè, ras ak rayisab menm lè etnisite (majorite dominiken kwè yo se purs Hidalgos e ayisyen se nèg) gen anpil pou wè nan atitid sa a.

Li genyen pou wè tou ak kesyon ekonomik la. Revni anyèl pa tèt abitan an te $8.100 dola ameriken ane pase nan Repiblik Dominikèn, konpare a $1.300 dola pou peyi Dayiti. Pwodui enteryè brit Ayiti (PIB:ansanm byen peyi a pwodui nan domèn agrikilti, endistri ak sèvis) pou menm peryòd la: 6 milyon 966 mil dola kont $45 milyon 690 mil pou R.D--estimasyon 2008, Statistiques-mondiales.com/Haïti /Republique_Dominicaine (1).

Ane pase (desanm 2008) gouvènman dominiken an te depanse 55 milyon dola pou kouvri swen-sante pou ayisyen ilegal kap viv nan Elias Piña ak San Juan de La Maguna sèlman, dapre responsab sante piblik rejyonal la, doktè Bolivar Matos. Nan epòk la, Matos te estime ant janvye ak desanm 2008: 7 mil 800 ayisyen ilegal te resevwa swen, tankou operasyon, ekzamen fizik, swen matènite e ak lòt entèvasyon ijan nan pwovens sa yo sèlman.

Dapre sa près lokal la te rapòte 50 pousan pasyan ki resevwa swen medikal yo se ayisyen kap viv nan Banica, Hondo Valle, Commendador ak San Juan de La Maguana (2).

Lòt pwoblèm ki egziste ant 2 nasyon yo e ki twouble òganizasyon dwazimen yo, akote kondisyon travay ouvriye agrikòl brasewòs yo nan Repiblik Dominikèn, se sitiyasyon pitit ayisyen ki fèt sou tèritwa dominiken an ki pa genyen okenn sitwayènte paske gouvènman lokal la pa rekonèt yo kòm sitwayen dominiken e Ayiti pa rekonèt yo non plis kòm ayisyen piske yo pa pran nesans sou tèritwa li. Yon veritab katchouboumbe! (3).

Nan ane 2005, Tribinal Entè-ameriken Dwazimen an te di gouvènman dominikèn an li dwe bay timoun ayisyen ki fèt sou tèritwa li tout dwa sitwayèn yo, jan konstitisyon dominikèn nan prevwa li. Nan epòk la, Santo-Domingo te deklare desizyon se yon konplotay entènasyonal kont Repiblik Dominikèn (4).

San di pètèt, atitid gouvènman ak "etablishment" lokal la pou anpil nan konpòtman dominiken yo vizavi ayisyen e li ede nouri tansyon rayisab la ki twò souvan jete dèy nan mitan fanmi ayisyen e dominiken yo.

Nan mwa me 2009 la, tansyon an te monte disèt wotè ant resòtisan dominiken e ayisyen yo apre yon dominiken te koupe tèt yon ayisyen laklamè piblik te akize deske li te dekapite yon dominiken. Zak vyolans ak zak jistis ekspeditiv sa a te estomake anpil moun nan repiblik vwazen e an'n Ayiti. Otorite dominikèn yo te arete sispèk ki te swadizan komèt krim nan. Malerezman, se pa premye (e se pap dènye) zak vyolans ki fè san koule nan mitan sitwayen 2 pèp kap viv sou zile a.

Nan peyi Dayiti, konpatriyòt ayisyen ki viktim nan panyòl yo akeyi zak sa yo avèk endiasyon e avèk kòlè. Sèten menm vle wè vanjans---yon reyaksyon ansyen premye minis Jacques Edouard Alexis dekonseye paske li pap nan avantay moun kap preche opsyon sa a, vi siperyorite dominiken yo sou plan militè e polisye.

Misye Alexis te abòde tèm pwen sa a (relasyon ayisyano-dominikèn yo) ak fason li wè antreprenè ayisyen ki vle deplase ou ki deplase biznis yo al mete nan Repiblik Dominikèn pandan yon vizit nan vil Boston, Eta Massachusetts nan semèn ki pase a. (*)

NB: Fè yon klik sou ralonj ki anwo, adwat paj wèb la pou nou koute repòtaj, Wilson Dubuisson reyalize depi vil Boston sou pasaj ansyen premye minis Jacques Edouard Alexis nan metwopòl Eta Massachusetts la.

jbjacque@voanews.com

(1) http://www.statistiques-mondiales.com/republique_dominicaine.htm

http://www.statistiques-mondiales.com/haiti.htm

(2) http://www.dominicantoday.com/dr/local/2008/12/7/30335/Dominican-Republic-spends-millions-on-illegal-Haitians

(3) http://news.yahoo.com/s/ap/20090930/ap_on_re_la_am_ca/cb_dominican_haiti/print

(4) http://www.haiti-info.com/spip.php?article4028

(*) Vrèmanvre, genyen antreprenè ayisyen kap "outsourcing" travay nan Repiblik Dominikèn --ou ki anplwaye dominiken nan bizniss yo nan peyi Dayiti--paske yo twouve sitiyasyon politik e sosyal la pi stab nan peyi vwazen an.


XS
SM
MD
LG