Accessibility links

Breaking News

Rankont nan La Mezon Blanch 6 ak 7 Oktòb 2009 la sou Estrateji Militè Lèzetazini nan Afganistan



Isit Washington, prezidan Barack Obama pral rankontre avèk prensipal konseye politik e militè l yo nan kad yon nouvo seri kontak sou estrateji Lèzetazini ap itilize nan Afganistan. Nouvo rankont sa a pral dewoule jodi mèkredi a ki make 8èm. anivèse debakman twoup entènasyonal Lèzetazini ap dirije nan Afganistan yo. Yè madi a, lidè ameriken an te pase 90 minit (swa 1 nèdtan edmi) ap fè chita-tande ak lidè Kongrè a nan La Mezon Blanch kote yo te abòde menm tèm nan -donk, sitiyasyon an nan Afganistan. Daprè yon otorite nan Administrasyon Obama a, prezidan an di depite ak senatè ki te prezan yo revizyon li vle fè sou estrateji a pral fèt yon fason lib, ouvè e serye, men mo ki dwe nan lespri e nan tèt tout moun se “ijans”.

Lidè majorite demokrat la nan Sena a, Harry Reid, ki te nan gwoup melanje demokrat-repibliken ki te fè deplasman an nan La Mezon Blanch, di laprès apre sa: Manm gwoup la bay prezidan Obama garanti li pral jwenn apui yo tout.

<<Tout moun –demokrat kou republiken- di prezidan an: “Kèlkeswa desizyon ou pran, nou pral apiye li.”>>

Toujou aprè rankont la, lidè majorite a nan Chanm Reprezantan an, depite Kalifòni Nancy Pelosi, di laprès genyen anpil kesyon ki merite repons anvan pou prezidan an pran yon desizyon sou fason Lèzetazini pral avanse ak dosye Afganistan.

«Sètènman gen kesyon sekirite a, kesyon bòn gouvènans la, rekonsilyasyon ak rekonstriksyon; paske, tankou kèk moun di sa a, pat te genyen anyen anvan sa nan Afganistan, epi gen fason pou n redirije aksyon diplomatik nou nan rejyon an. »

Bò kote pa l, lidè minorite repibliken an nan Chanm Wòt la, senatè Mitch McConnell, pale pou l fè konnen prezidan Obama pa pral jwenn yon apui total otomatikman. Sepandan li ensiste pou l di tout desizyon prezidan an pral jwenn apui pati repibliken an si, dabò, kòmandan militè ki sou teren an nan Afganistan apiye desizyon an.

“Mwen panse, a la fen dè fen, prezidan an pral swiv konsèy bon jan jeneral nou yo ki, daprè nou, byen konnen kisa ki nesesè pou estabilize sitiyasyon an nan Afganistan, anpeche Taliban yo retounen epi, natirèlman, anpeche rejyon an tounen yon paradi pou al-Kaida.”

Anvan rankont palmantè yo ak prezidan Obama, pòtpawòl Mezon Blanch la, Robert Gibbs, te fè konnen administrasyon an pa pral baze okenn chanjman estratejik sou konsiderasyon politik.

---------------------------------------------------------------

Toujou konsènan Afganistan, jounal ameriken The Washington Post fè konnen done konfidansyèl l’ONI genyen sou eleksyon ki te dewoule nan mwa d’Out la e ki pwovoke gwo pawòl anpil, montre kantite vwa otorite elektoral yo bay pou kèk pwovens depase lontan kantite moun ki t al vote nan rejyon sa yo. Anfen, ministè enteryè afgan an fè konnen yon atak ak wokèt rebèl yo lanse kraze yon otobis pakanpak nan pati lès peyi a. Bilan: 2 sivil mouri e 25 lòt blese.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG