Nou demontre plizyè fwa deja nan pwogram sa a kouman anpil mo nan lang kreyòl la genyen “double entendement”, sètadi divès sans, divès siyifikasyon. E youn nan mo sa yo se: pyès.
Yon pyès se ka yon eleman ki fè pati tout yon ansanm, tankou nan yon radyo, yon televizyon ou yon otomobil. Lè altènatè ou kontak distribitè nou fini ou tonbe an pàn, mekanisyen an ka voye’n al achte pyès sa a nan yon “auto parts” sètadi--yon magazen ki espesyalize nan vann pyès machinn, kamyonèt, kamyon elatriye.
Se menm jan, yon radyomann (nèg kap repare aparèy radyo ak lòt aparèy elektwonik yo) ka mande’w al achte yon transfòmatè, yon kondansatè varyab oubyen yon tranzistò, si pyès sa yo boule nan radyo ou nan yon televizyon.
Pyès, se kapab tou yon chanm kay (ou nenpòt ki chanm nan kay la) pa ekzanp: salon, salamanje, chanm a kouche: Tout sa se pyès! Nan tan lontan, avèk 15 goud nenpòt ti malere, malerèz te ka jwenn yon pyès kay pou l' lwe anba lavil la. Men alèkile, pa gen sa pyès !
La a, m'ap pale kay malere! Men kay ki rele kay tout bon yo, kay ki pa rete ak kay, ki gen nen nan figi yo, genyen plis pase yon pyès. “Elles ont des pièces, beaucoup de pièces, ces maisons”.
Lòt sans mo “pièce” la genyen nan lang kreyòl ayisyen an, se rapiecer ou ankò raccomoder. Youn nan bagay mwen te pi pè lè’m te piti, se dechire chemiz ou pantalon m' nan yon vye klou sou ban lekòl la. Non sèlman, yo ta pral rale zòrèy mwen lakay, men tou mwen ta pral bay manman mwen travay pou l' fè paske fò li rafistoler, raccomoder, "rapiécer, pyese
pantalon ou chemiz la, mete yon pyè ladan.
Apa sa, te genyen pyès 2 kòb, 5 kòb, 25 kòb ak pyès 2 gouden ! Avèk pyès lajan sa yo, mwen te konn achte règ mayilò, jenjanbrèt ak rapadou nan rekreyasyon. An palan rapadou, (ke yo fè ak siwo kann) map di nou se nan kèk gwo pièces yo abitye mete ji kann nan pou kite li fèmante pou fè siwo kann ! Pièces sa a yo rele yo an franse “cuves”. Oui, c’est dans ces cuves qu’on fait fermenter le sirop ”.
Pyès tou kapab vle di gros, gras, anfòm (nan peyi Dayiti): dènyèman mwen kontre ak ti fi Gisèlè la, se pa de sezi m' pa sezi... e, ey, y, y ! Se yon "pyès fi" ti fi a fè ! Timoun yè maten la a, wi ! Nan ka sa a, mwen vle di li grandi, li gwossi, li gwo e’l anfòm ! Frè Gaby ta di "Bèl anfòm". Pyès tou vle di "pas du tout", absolument pas, pas un, pas une, en aucun cas, rien du tout !
Mwen pap sòti pyès se di an franse: je n'en sortirai pas, je ne sortirai absolument pas ! Mesye, gade jan tan an chaje, jan tan an mare... pa gen pyès zetwal nan syèl la (il n'y a pas une étoile dans le ciel) malè sèl ki pou fè pou lapli pa tonbe aswè a !
(Sa vle di, koze pa pale a, mwen mèt vag sou li, mwen mèt bliye sa, map pale nan lib.)