Accessibility links

Breaking News

Minis Defans ak Chèf Diplomasi Lèzetazini Pale sou Estrateji Administrasyon Obama a nan Afganistan


Minis defans Lèzetazini an, Robert Gates, deklare twoup militè ameriken yo pap kite Afganistan kèlkeswa rezilta yon revizyon administrasyon Obama a ap fè nan estrateji lame ap itlize pou l mennen lagè a nan peyi azyatik la. Pandan misye Gates tap bay chèn televizyon CNN yon entèvyou nan Inivèsite George Washington byen ta yè lendi a, li fè konnen La Mezon Blanch ap anvizaje ki pwochen etap pou l franchi de fason pou l ranpòte lagè a kont militan Taliban yo nan Afganistan.

Sekretè-deta Hillary Clinton, ki tap patisipe nan entèvyou a tou, mete ansanm ak misye Gates pou li di objektif Lèzetazini nan Afganistan pa chanje, nan moman prezidan Obama avèk prensipal konseye li yo ap chache wè kijan pou yo reyalize objektif sa yo.

Chèf diplomasi amerikèn nan di -nap site: "Nou byen konnen kisa objektif la ye, kisa nou pral kapab reyalize nan objektif sa-a, kisa yon kòmandan-an chèf ki deside e ki entèlijan ta dwe fè. Konsa, nou pral vini ak apwòch ki pi bon an, ki pi efikas la; men, objektif-la pa chanje. »

Ni Madan Clinton ni misye Gates pa bay twòp detay sou rankont kap fèt ak tout pòt-fèmen nan La Mezon Blanch sou estrateji gouvènman an ap anvizje sou fason pou l avanse sou teren an nan Afganistan --rankont ki pral dire kèk semèn ankò. Sepandan minis Gates –ki sèvi plizyè prezidan ameriken nan yon karyè ki déjà dire plis ke 40 tan-- pataje lide pou moun poze kesyon konsekan sou estrateji sa a, sutou moun ki la pou bay prezidan Obama konsèy. Sou pwen sa a, misye Gates –nap site tou: « Nosyon kote nou vle pran yon poz pou nou poze kesyon, chache evalye analiz nap fè yo epi pran yon desizyon, sitou si se yon desizyon enpotan --e, jan mwen di l deja a, se youn nan desizyon ki pi enpötan prezidan an ap pran pandan tout manda l la– eben, daprè mwen, se toutafè apwopriye pou n poze kesyon sou estrateji a e kontinye poze kesyon. »

Sepandan, anvan sa, toujou yè lendi a, minis Gates te pale pou l di otorite sivil e militè kap konseye prezidan Obama sou dosye Afganistan an ta dwe kenbe sekrè sou opinyon pèsonèl yo konsè-nan fason Administrasyon an ap mennen lagè a nan peyi sa a.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG