Ayiti-Politik: Gwo kesyon ki nan mitan deba yo jodi a se “èske peyi a pral gen eleksyon, tankou sa fikse nan Konstitisyon an, anvan ane 2009 la bout ?” chèf Sivil Misyon Nasyonzini an, Hédi Annabi, bay opinyon li nan mikwo anvwaye spesyal nou nan Pòtoprens Jean Robert Philippe.
Msye Annabi deklare eleksyon sa yo gen yon enpòtans total kapital e yo dwe dewoule yon fason pou popilasyon an kwè nan rezilta yo. Kidonk, li pa panse gen ase tan pou otorite elektoral yo ta fè preparatif k'ap nesesè yo, anvan ane a bout.
Sepandan se pa dat òganizasyon pwochèn eleksyon yo sèlman ki gen dout sou yo. Plizyè aktè sou sèn politik la pran pozisyon kont Konsèy Elektoral Pwovizwa ki an plas la, akòz sa Mèt Osner Févry (lidè yon pati demokrat kretyen) rele "dout" ki plane sou enstitisyon an.
Reyaksyon bò kote Konsèy Elektoral Pwovizwa a: Alatèt enstitisyon an, Frantz Gérard Verret, ale nan menm sans ak chèf sivil MINUSTAH a, Hédi Annabi. Sepandan li rejte akizasyon lidè politik k'ap mande pou KEP a swa kraze, swa refòme ak kèk nouvo manm.
Ou ka koute tout deklarasyon sa yo an detay si ou fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.