Accessibility links

Breaking News

Lib Tribin : Pou Ou Kont Renouvèlman MINUSTAH An Ayiti


Gen anpil deba kap fèt ann Ayiti pou konnen si wi ou non yo ta dwe renouvle manda Misyon Nasyon-Zini pou Stabilizasyon Ayiti (Minustah) ki antre nan sizyèm ane li nan repiblik karibeyen an.

Deba sila a soulve gwo emosyon nan kan moun ki dakò pou L’Onu renouvle manda twoup li yo pou kontinye bay sekirite ak nan kan sila ki konsidere prezans fòs etranjè sa a kòm yon afwon pou souverènte peyi a.

Se presizeman dosye Minustah a ki te sijè pwogram lib tribin Lavwad'Lamerik (Dyaloge ak Etazini) mèkredi 30 septanm nan. Plizyè spesyalis aysyen ann Ayiti e isit Ozetazini te reponn kesyon oditè yo e pote kèk eklèsisman sou reyalite misyon an.

Youn nan espesyalis yo se madam Mirlande H. Manigat, kandida ala prezidans e lidè pati RNDP (Rasableman Demokrat Nasyono Pwogresis) ak analis politik Robert Benodin, ak dwayen fakilte syans ekonomik Inivèsite Pòtoriko a, Paul Latortue. 3 entèvenan yo, analize dosye Minustah-a kote yo mete aksan sou nesesite pou ta gen yon fòs sekirite ayisyen pou konble vid Minustah ap kite lè li va ranmase pakèt li ale.

Klike sou ralonj ki anwo e adwat atik la pou n' koute emisyon mèkredi 30 septanm 2009 la

XS
SM
MD
LG